Nan kad jijman k ap dewoule nan Floride sou asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse, nouvo detay ki bay anpil kè sote kontinye parèt. Youn nan akize yo, John Joël Joseph, fè plizyè deklarasyon ki mete limyè sou diferan plan ki te sou tab konplotè yo avan zak la te rive.
Dapre temwayaj li, premye plan an se te arete prezidan an, mete l nan yon avyon epi fòse l ale an egzil. Yon lòt senaryo te prevwa pou yo anpwazonnen li. Twazyèm plan an, kote Emmanuel Sanon ta enplike, te vize mobilize manm yon legliz pwotestan pou desann nan lari, anvayi Palè Nasyonal la, epi elimine chèf Leta a.
Anplis de sa, yon katriyèm plan te pi vyolan toujou, kote konplotè yo te anvizaje touye prezidan an ansanm ak madanm li, epi mete dife nan rezidans prive yo.
John Joël Joseph esplike tou, nan nuit 7 jiyè 2021 an, se dènye plan an ki te finalman egzekite. Dapre li, kriminèl yo te rive antre lakay prezidan an, kote yo asasinen li nan rezidans prive li.
Nan deklarasyon li yo, ansyen senatè depatman Lwès la site tou non Rodolphe Jaar ak James Solages kòm aktè kle nan konplo a.
Selon enfòmasyon ki disponib yo, Rodolphe Jaar ta dwe parèt devan tribinal la nan jou k ap vini yo pou reponn kesyon sou akizasyon sa yo. Jijman sa a deja ap pran yon dimansyon enpòtan, e li kapab gen gwo konsekans sou klas politik ayisyen an ansanm ak sektè prive a.
Jijman an ap kontinye anba gwo atansyon piblik la, pandan anpil moun ap tann plis verite sou youn nan pi gwo trajedi politik nan listwa resan peyi a.
Centre à la UNE!