Gen yon bagay ki toujou frape lespri moun ki ap gade reyaksyon Ayisyen nan moman seleksyon nasyonal la ap jwe kit se nan foutbòl, baskèt, oubyen nenpòt lòt konpetisyon. Lè Ayiti genyen, tout moun vin youn sèl, tout kè plen fyète, tout rezo sosyal vin tounen lanmè drapo ble ak wouj. Men, depi yo pèdi, menm pèp sa a tounen jij, jijman vin san mizèrikòd, tout jwè tounen mechan, tout antrenè se kriminèl, epi tout seleksyon tounen « vòlè nasyon ». Kisa ki lakòz kontradiksyon sa ? Poukisa emosyon n ap itilize pou nou renmen se menm emosyon n ap sèvi pou detwi ?
Nou renmen viktwa, men nou pa konprann batay. Pèp la pa wè ke nan nenpòt konpetisyon, genyen se pa tout, pèdi se pa fen. Chak defèt pote yon leson, chak erè pote yon chimen pou refòm. Men, nou menm, pito chache koupab olye chache eksperyans. Se mantalite “swa w fè mirak, swa w mechan” ki touye tout espwa kwasans. Nou pa aprann apresye efò, ni rekonèt limit sistèm lan. Se pa jwè yo sèlman ki pèdi ; se tout yon nasyon ki pa konprann kisa konstriksyon vle di.

Foutbòl la, menm jan ak lavi sosyal ak politik nou, se yon metafò sou ki moun nou ye. Lè nou genyen, nou pale de “inisyativ pèp la”, “fyète nasyonal”, “lespwa vivan”. Men lè nou pèdi, nou bliye tout sa, nou tounen pèp k ap bay madichon, k ap rele trayizon, k ap chache ki moun pou pini. Pèdi tounen wont, olye tounen fòmasyon. Sa montre limit mantalite nou, paske menm nan jwèt, nou pa konprann dinamis pwogrè a : ou bezwen tonbe plizyè fwa pou w rive kanpe djanm.
Kijan nou vle peyi a chanje, si nan jwèt nou menm nou pa tolere echèk ? Si nou pa aprann pèdi ansanm, kijan n ap ka bati ansanm ? Siksè yon nasyon pa sòti nan yon gòch byen tire, men nan kapasite pèp la pou kontinye kwè menm lè boul la pa antre. Se sa gwo peyi yo aprann : yo bati kilti efò, respè, ak kouraj. Men, lakay nou, depi jwèt la pa nan avantaj nou, nou jete drapo a, nou kraze sa nou te bati nan efor.
Foutbòl Ayisyen an reflete tout sa nou ye kòm pèp : yon pèp ki gen pasyon, men ki pè reflechi ; yon pèp ki renmen chante lè solèy la klere, men ki pè leve lanmè pou reprann solèy la lè lapli tonbe. Jwè yo, se pitit peyi a yo ye, yo merite koreksyon, men yo merite respè tou. Pèdi pa vle di trayizon ; li vle di batay poko fini.
Se pou n aprann, kòm pèp, fè diferans ant kritik ak destriksyon, ant fristrasyon ak refleksyon. Paske si n kontinye jije pitit nou chak fwa yo tonbe, nou pap janm gen yon jenerasyon ki vle leve ankò. Yon nasyon ki pa aprann respekte defèt li, pap janm konnen gou vrè viktwa.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une