BND ki se biwo de nitrisyon ak devlopman ak finansman Cross catholic OUTREACH, rive remèt 10 kle kay bay 10 fanmi nan premye seksyon sanvann grann komin mayisad, lokalite basen kav ak ba sèlpèt vandredi 10 jen 2022 a.

Nan seremoni sila divès otorite lokal ak depatmantal te prezan : tankou delege depatmantal te la: Mesye Budry corioland, Direktè depatmantal afè sosyal ak travay la, majistra vil la Mesye Hubert Duchaine, kire pawas «saint-Anne» nan Reveran pè Clark De la cruz ak kazèk seksyon an Mesye Lunès Gernevil.

Nan sikonstans la kire pawas la te chante yon mès pou di bondye mèsi epi ankouraje moun ki finanse pwojè sila kontinye travay toujou nan lide pou plis moun kapab benefisye.

Se avèk kè kontan fanmi sa yo lapli ak solèy t ap tripote rive resevwa nouvo kle kay yo ki genyen 2 chanm a kouche ak yon sal pou manje.

selon temwanyaj divès nan benefisyè yo, se pa sèlman kay BND ba yo, li ba yo anpil lòt kichòy tankou: kabrit, bèf ak Jaden ki retire yo nan sitiyasyon malouk yo t ap viv depi yon bon bout tan, epi tou BND ankouraje yo fè Jaden lakou kote yo plante divès pwodwi marechè tankou: chou, tomat, berejèn ak anpil lòt ankò.

DG pwogram sila M. Padberg, te anonse konstriksyon 10 lòt nouvo kay ankò nan menm lokalite a yon fason pou plis moun kapab sòti nan mizè nan seksyon an.

Nan menm sikonstans la Delege depatmantal la M. Budry Coriolanus mande popilasyon an pou voye je sou timoun yo, yon fason pou yo pa lage nan delenkans, yon fason pou pwojè a ka kontinye nan zòn nan.
delege a kontinye pou li mande popilasyon an trè vijilan ak moun k ap vin mande yo vòt nan eleksyon ki gen pou fèt yo, paske yo pa janm panse ak mizè popilasyon an, kote se ONG ki oblije ap fè travay pou leta ta fè.

Toujou nan menm dosye sila madam Marilia Charlestin ( mizou)ki se prezidan ASOSIYASYON fanm mayisad (FAM) te pran la pawòl pou li mande pou tout sitwayen mete tèt ansanm pou konstwi peyi a, paske daprè li divizyon p ap mennen nou pyès kote .

N ap siyale moun ki jwenn kay, kabrit, bèf ak Jaden yo tèlman kontan yo ekspoze divès pwodwi tankou : zoranj, papay, piman, chou, mango, kann, bannann ak divès lòt ankò yon fason pou manifeste kontantman yo .

Joseph Cenès centre à la UNE .

PIBLISITE PEYE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841