Gouvènman Dominiken an presize ke nan konvèsasyon bilateral ki te fèt 9 jen 2022, nan kad Somè Amerik yo, ant Prezidan Repiblik Dominikèn, Luis Abinader, ak Premye Minis Ayiti, Ariel Henry, pa t gen okenn rezilta. Pa gen okenn kalite angajman pou regilarize sitiyasyon imigran ak travayè ayisyen yo nan peyi a oswa pou sipòte kandidati ansyen Minis Sante Piblik ayisyen an, Florence Guillaume Duperval, pou pozisyon direktè jeneral Oganizasyon Panameriken Sante (OPS).

PIBLISITE PEYE

Pozisyon Prezidan Luis Abinader repati sou de (2) pwoblèm sa yo:

  1. Konsènan imigran ak travayè, Leta ayisyen dwe fè tout efò posib pou bay tout imigran ak travayè nan Repiblik Dominikèn dokiman ofisyèl ayisyen yo.
  2. Konsènan kandidati pou OPS la: Prezidan dominiken an endike li pa ka defini okenn sipò paske gouvènman Panama a genyen tou kandidati pou menm pozisyon an e li se yon alye ak yo, nou dwe pale de sa. Gouvènman Dominiken an gen pozisyon trè klè konsènan ajanda bilateral la ak Gouvènman Ayisyen an. Sèl enfòmasyon ki valab sou akò oswa diskisyon yo nan kad Somè Amerik yo se sa ki soti nan enstans ofisyèl Repiblik Dominikèn.
PIBLISITE PEYE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar