Jounen dimanch 28 me 2023 a nan pak Sen Gabriyèl, kominte òganizasyon entè eskòlè COFI fè final nan kategori mwens 18 lane ant lise Salnav Zamor ak kolèj Sen Gabriyèl. Yon match ki te fini yon gòl patou, ki rive nan tiwobi (pènalite), kote lise Salnav bat kòlej Sen Gabriyèl.

Reponsab lise a ki se Francisco Simon deklare li satisfè de jwè li yo ak estaf ki te akonpanye l yo, e felisite popilasyon an ki te motive pou patisipe nan match yo.

Yon lòt kote, responsab abit yo, Yguens Jouth, fè konnen yo rive fè final kategori junior a malgre difikilte ki te genyen e yo remèsye tout lekòl ak tout popilasyon ki te patisipe, men tou ki se yon esponnsò pou yo; konsa, yo espere yon 6èm edisyon ak plis siksè e bay randevou dimanch 4 jwen 2023 a pou 2èm final nan kategori senior a.

Wisnic Rondeau, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841