Real Madrid ak Karim Benzema jwenn yon akò pou mete fen nan briyan pasaj KB9 nan klèb la depi 2009. Yon nòt pou laprès ki sòti dimanch 4 jen 2023 a anonse depa Benzema aprè match l ap jwe anfas Bilbao jodi a. Karim jwe 14 sezon ak Real, li pran yon balon dò ak 25 tit, pami yo 5 Lig dèchanpyon.

35 lane, Karim Benzema se youn nan jwè ki plis make tout listwa Real Madrid. Li rive nan klèb la nan lane 2009 aprè yon peryòd li te fin pase nan klèb Olympique Lyonnais ant lane 2004 e 2009, k ap evolye nan Chanpyona «Ligue 1» an nan peyi Lafrans.

Karim Benzema pran 25 tit ak Real Madrid, pami yo 5 lig dèchanpyon (2013-2014 / 2015-2016 / 2016-2017 / 2017-2018 / 2021-2022). Dènye tit Ewopeyen li pran lye ak «Ballon d’Or» a an 2022, sa ki fè de li premye jwè franse ki pran l depi 1998 aprè Zinedine Zidane.

Karim an 2022 k ap resevwa balon dò li

KB9 te rete lontan anba lonbraj Cristiano Ronaldo pandan divès ane, men l ap vin pran kontwòl ekip la yon fwa CR7 te vin kite nan lane 2018. Pou kounye a, Benben plase dèyè ansyen koyekipye li a, li dezyèm pi bon bitè a nan istwa klèb la ak 353 gòl.

«Karyè Karim Benzema nan Real Madrid se te yon egzanp bon konpòtman, disiplin ak pwofesyonalis, li pafètman reprezante ansanm valè yo nan klèb nou an. Karim Benzema te gen dwa pou deside avni li «, se sa responsab yo ekri nan nòt pou laprès la.

Pandan plizyè jou, pou Karim, divès medya rapòte gen zanmitay k ap devlope bò kote Arabi Saoudit, ki ta pwomèt Karim yon «pon an nò» pou fini karyè li la. «Poukisa mwen ta dwe pale sou avni mwen? Mwen nan Real Madrid. Moun k ap pale sou entènèt la, ak reyalite a se 2 bagay diferan,» Se konsa Benzema te pale jedi 1e jèn 2023 a nan sware, pandan yon seremoni kote yo t ap onore karyè li nan klèb la.

An prezans prezidan klèb Real Madrid la, Florentino Perez, fanatik yo, koyekipye li yo ak rès mond lan, responsab yo rann 2èm bitè Twal la yon omaj byen merite, nan sousi pou swete li orevwa.

Otè yon bon match, pou fèmen pasaj li nan foutbòl klèb Real Madrid la aswè dimanch 04 jen 2023 a, Karim Benzema make 1 gòl sou penalite, devan foutbòl klèb Athletic Bilbao a; match ki fini anba yon eskò 1-1. Pou anpil moun ki renmen foutbòl, avèk gòl sa a ki make 354èm gòl Karim make anba koulè klèb Real Madrid la, se yon ti sik anplis li mete sou bonbon an.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...