Peyi Lasyèd ki rekonèt fè bagay « sèks » kòm yon disiplin espòtif, pral òganize premyè edisyon chanpyona sèks Ewopeyen 8 jen 2023 a nan vil Göteberg ak patisipasyon 10 peyi.

Ann Joy (Fenland), Selva Lapiedra (Espay), Sexy Lexy (Pòtigal), Lorenzo Viota (Frans), Nek Sinner (Grès), Matthew Meier (Ikrèn), Barbie Sins (Grand Bretay), Mister Riddle (Risi) , Sweet Mery (korasi), Mugur (Roumani). Se non 10 moun sa yo ki soti nan 10 peyi diferan ki kalifye pou ale jwe chanpyona sèks la k ap dewoule nan peyi Lasyèd.

Selon federasyon sèks Syèd la (FSS), chanpyona a ap dire plizyè semèn, kote patisipan yo pral twoke kòn yo chak jou pandan 6 zè. Match endividyèl yo dwe dire 45 a 60 minit.

Sediksyon, sèks oral, penetrasyon, atraktivite, mesaj kòporèl, dekouvèt zòn seksyèl, ajisteman posti, kreyativite pozisyon, nonb ògas, andirans, se nan disiplin sa yo aktè yo pral twoke kòn yo.

Federasyon an fè konnen patisipan yo dwe konnen tout lwa ak plis kote atistik ki abòde pou sèks nan « kamasutra » a. Patisipan ki respekte prensip sa yo ap genyen chans fè plis pwen. Ganyan yo ap kouronnen pa mwayen chanpyon sèks Ewòp la.

Yon chanpyona ki deja lage gwo deba nan mond lan sou koze fè sèks ki vini yon disiplin espòtif e deja peyi Lasyèd se premye peyi òganizatè a.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841