Nan peyi Lafrans madi 6 jen 2023 a, lajistis parizyèn kondane jounalis Romain Molina ki te akize Yves Jean Bart (Dadou) 30 avril 2020, kòm moun ki t ap vyole jwè yo nan Anch Kwadèboukè a, paske pa gen ase prèv pou soutni akizasyon yo.

Jounalis Romain Molina lajistis Fransèz kondane pou difamasyon li fè kont ansyen prezidan federasyon foutbòl Ayisyen an, Yves Jean-Bart, ap gen pou peye 500 ewo kòm amann, 2000 ewo pou frè pwosedi ak 1 ewo pou frè dedomajman. Lajistis mande tou pou li fè yon emisyon sou chèn li a pou rektifye enfòmasyon li te bay sou Dadou yo. N ap siyale, se Dadou menm ki egzije 1 ewo a, yon fason senbolik.

Jounalis la ki santi li endiye ekri sou paj li: «La justice française protège vraiment les pédophiles.»

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841