Sendika Nasyonal Anplwaye Ministè Anviwònman (SYNEME) denonse plizyè pwoblèm administratif ak sosyal k ap afekte fonksyònman Ministè Anviwònman an ansanm ak kondisyon travay anplwaye yo. Nan yon kominike ki pibliye mèkredi 4 novanm 2026 la, sendika a mande Leta peye aryere salè plis pase 80 anplwaye ki jwenn nominasyon ak pwomosyon, amelyore kondisyon travay nan direksyon depatmantal yo epi regle dosye ogmantasyon salè ak asirans OFATMA.
Dapre SYNEME, plis pase 80 anplwaye Ministè Anviwònman an ki te jwenn nominasyon ak pwomosyon poko resevwa tout aryere salè yo. Sendika a denonse tou reta ki genyen nan ajisteman kat debi ak lòt avantaj sosyal ki ta dwe mache ak nouvo estati anplwaye ki jwenn pwomosyon yo. Li fè konnen anplwaye ki fèk nome yo ap rankontre difikilte tou pou regilarize kat debi yo.
Nan kominike a, òganizasyon sendikal la denonse sa li konsidere kòm pratik diskriminatwa ak tretman miwo miba ant anplwaye ki nan administrasyon santral la ak sa k ap travay nan direksyon depatmantal yo. SYNEME estime tout anplwaye dwe jwenn menm konsiderasyon, selon estati yo, sitou nan kesyon patisipasyon nan misyon ofisyèl Ministè a ak rankont entènasyonal sou chanjman klimatik.
Sendika a atire atansyon responsab yo tou sou kondisyon travay nan direksyon depatmantal yo. Li fè konnen plizyè nan estrikti sa yo manke espas travay apwopriye, materyèl biwo, ekipman enfòmatik, kouran ak koneksyon entènèt. Yon sitiyasyon ki, dapre SYNEME, gen konsekans dirèk sou kapasite anplwaye yo pou akonpli responsablite yo.
Anplis pwoblèm administratif ak kondisyon travay yo, SYNEME mande responsab Ministè Anviwònman an bay esplikasyon sou rezilta Pwogram pou Apiye Inisyativ Anviwònmantal Sitwayèn (PAIEC) ak Pwogram Zewo Dechè a. Sendika a di li bezwen enfòmasyon klè sou aktivite ki reyalize, resous ki mobilize, rezilta ki jwenn ak difikilte pwogram sa yo rankontre nan aplikasyon yo.
Nan menm kominike a, SYNEME soulve kesyon ogmantasyon salè anplwaye yo ak asirans OFATMA a. Li fè konnen malgre plizyè lèt ak kout rèl li deja voye bay responsab ministè a, revandikasyon anplwaye yo poko jwenn repons konkrè.
An total, sendika a prezante sèt revandikasyon bay otorite konsène yo. Li mande peman tout aryere salè yo, ajisteman kat debi ak avantaj sosyal anplwaye ki jwenn pwomosyon yo, regilarizasyon kat debi nouvo anplwaye yo, eliminasyon diskriminasyon, amelyorasyon kondisyon travay nan direksyon depatmantal yo, transparans sou pwogram PAIEC ak Zewo Dechè a, ansanm ak regilarizasyon dosye ogmantasyon salè ak asirans OFATMA.
Pou fini, SYNEME reyafime detèminasyon li pou kontinye defann dwa ak enterè anplwaye Ministè Anviwònman yo. Li mande Leta ak responsab ministè a pran responsabilite yo pou jwenn solisyon ak pwoblèm sa yo, pandan li ensiste sou nesesite pou tout anplwaye, kit yo nan biwo santral la, kit yo nan direksyon depatmantal yo, jwenn yon tretman ekitab.