Òganizasyon « NOU KONPRANN » bay gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé a yon delè 72 èdtan pou li pote repons konkrè sou revandikasyon anseyan yo. Nan yon kominike ki soti mèkredi 4 novanm 2026 la, òganizasyon an mande nominasyon pwofesè k ap travay nan sal klas yo, peman aryere salè yo, ajisteman salè, amelyorasyon asirans OFATMA ak lòt mezi pou amelyore kondisyon travay pèsonèl edikatif la.
Nan kominike sa a, « NOU KONPRANN » felisite pwofesè, paran ak elèv ki pote kole ak mouvman mobilizasyon an, sitou nan depatman Nò, Nòdwès ak Grandans. Òganizasyon an lanse yon apèl bay anseyan nan lòt depatman peyi a pou yo mete tèt yo ansanm nan batay pou defann diyite pwofesè yo ak amelyore sistèm edikatif ayisyen an.
Òganizasyon an kondane tou sa li prezante kòm zak vyolans ak represyon lapolis ta komèt sou anseyan k ap defann dwa yo, sitou nan Grandans. Li mande otorite yo pran dispozisyon pou moun ki ta enplike nan zak sa yo rann kont devan lajistis. Nan menm sans lan, li denonse menas ak zak entimidasyon li di k ap fèt kont kèk reprezantan mouvman an, pami yo pwofesè Williamson St-Fleur, ki reprezante òganizasyon an nan Nò.
Sou plan òganizasyonèl, « NOU KONPRANN » ensiste pou fè konnen batay k ap mennen an pa pou okenn estrikti an patikilye, men se batay tout anseyan. Li raple se nan dat 26 oktòb 2026 òganizasyon li a, ansanm ak lòt estrikti anseyan nan Nòdwès, te patisipe nan premye mouvman mobilizasyon ki te debouche sou grèv la.
Plizyè revandikasyon sou tab la
Pami prensipal revandikasyon òganizasyon an mete devan gouvènman an, genyen nominasyon tout anseyan ki deja nan sal klas yo ap bay sèvis, ansanm ak peman tout aryere salè yo. Li mande tou pou ajisteman salè yo disponib anvan 18 novanm, avèk yon montan 53 000 goud plis yon ajisteman 30 000 goud, sa ki ta bay yon total 83 000 goud.
Nan lis demand li yo, òganizasyon an mande pou anplwaye ki deja nome, men ki poko janm jwenn bidjetizasyon, kapab jwi dwa yo dapre dispozisyon Dekrè 17 me 2005 lan. Li reklame tou yon alokasyon 25 000 goud pou kat la, yon revizyon total asirans OFATMA, ansanm ak enstalasyon kantin ak bibliyotèk nan tout lekòl peyi a.
Anplis, « NOU KONPRANN » mande pou Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE) disponib pou pwofesè yo epi pou jesyon fon sa a pa sèvi enterè pèsonèl oswa politik.
Yo mande yon repons konkrè nan 72 èdtan
Pou òganizasyon an, delè 72 èdtan li bay gouvènman an pa dwe sèvi pou fè lòt pwomès. Li mande desizyon konkrè, angajman klè ak yon kalandriye aplikasyon ki kapab verifye pou chak pwen nan revandikasyon anseyan yo.
Nan fen kominike a, « NOU KONPRANN » envite tout pwofesè nan peyi a rete ini, vijilan epi konsantre sou objektif mouvman an. Li avèti kont nenpòt tantativ ki ta kapab divize anseyan yo oswa detounen atansyon yo sou revandikasyon fondamantal yo.
« Batay la se batay anseyan », se mesaj òganizasyon an voye bay sektè edikatif la, pandan l ap reyafime angajman li pou kontinye soutni mobilizasyon an jiskaske dwa ak enterè pwofesè yo jwenn respè.
Se Josmi LEROI, Reprezantan NOU KONPRANN Lwes ki siyen kominike a.