Selon sa jounal «Équipe» pibliye jounen jedi 08 jen 2023 a, FIFA anonse l ap bay pou pi piti 30.000 dola ameriken ak chak jwè (736) k ap patisipe nan koup dimond kategori medam yo, k ap fèt nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland sòti 20 jiyè pou rive 20 dawout 2023.

Pou 9e edisyon mondyal feminen sa a, FIFA dispoze plizyè milyon dola Ameriken. Konsa, yo deside rekonpanse chak grenn jwè k ap patisipe nan konpetisyon an olye yo remèt dirijan yo kòb sa a.

Nan yon premye tan, chak jwè ki elimine nan faz de gwoup yo, premye faz chanpyona a, l ap resevwa 30 000 dola.

Nan yon dezyèm tan, chak jwè ki elimine nan 8e de final ap resevwa 60 000 dola.

Pou seleksyon k ap gen chans pou yo rive nan ka de final yo, chak jwè sa yo ap resevwa 90 000 dola.

Nan 4 ekip k ap rive nan demi final yo, sa ki rive nan 4e plas la, chak jwè yo ap resevwa 165 000 dola.

Pi lwen, pou ekip ki va fini nan 3e pozisyon an, ekip k ap genyen ti final la, chak jwè sa yo ap resevwa 180 000 dola.

Melchie Daëlle Dumornay (Corventina)

Pou gran final la, nan ekip k ap fini 2e pozisyon an, sa nou rele vis-chanpyon an, chak jwè sa yo ap resevwa 195 000 dola.

Finalman, ekip k ap chanpyon an, sa k ap gen pou li ranpòte 9e edisyon sa, chak jwè ap resevwa 270 000 dola.

Avèk tout posiblite sa yo FIFA ofri ak jwè yo, li parèt pliske nesesè pou AYITI, malgre tout difikilte yo l ap konnen yo, leve kanpe kòm yon sèl moun ak grenadyè yo, nan voye enèji pozitif pou yo pandan tout tan y ap pase nan mondyal, sa ki kapab pèmèt yo rive ranpòte twofe sila a e pou chak grenn grenadyè nou yo rive resevwa 270 000 dola ameriken sa a, plis lòt prim endividyèl ak kolektif.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...