Swit ak move tan pase a, divès ka kolera konfime nan peyi a, espesyalman nan sidès peyi a, kote plizyè ka kite sispèk konfime ak  yon total 8 moun mouri jedi 8 Jen 2023 a.

Marie Denis Mercedes ki se responsab kominikasyon direkesyon sanitè nan depatman sidès fè konnen, 8 moun ki ratrape kolera gentan pèdi lavi yo e anviwon 60 lòt enfekte. Yon lòt kote Sant tretman kolera (CTC ) resevwa nan yon sèl jounen  plis pase 60 moun ki touche pa viris sila, nan komin Jakmèl depatman sidès Ayiti.

Nan yon emisyon sou radyo Tele Métronome, Marie Denis Mercedes, konfime 8 moun mouri akoz kolera nan rejyon sidès la, sepandan nan dat ki te 15 janvye 2023 a, nan yon bilan li prezante bay piblik la, ministè sante piblik rapòte plis pase 1.700 ka kolera konfime, e 24.232 ka sispèk te repètorye nan peyi a, sa ki bay 483 moun mouri, anviwon  20.505 kouche lopital epi yon total de 16000 moun enfekte nan depatman lwès selman.

Nap raple peyi d Ayiti ap fè fas ak divès katastwòf natirèl notamman ak peryòd siklonik la, sa ki lakoz yon nouvèl vag ogmantasyon kolera presizeman nan depatman sidès peyi a.

Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841