Sòti 7 pou rive 9 jen 2023 a make 3zyèm jounen ekspozisyon-vant liv ak zèv atizay reyisi pou Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent tout moun konnen sou non Franck Étienne. De pasaj nan emisyon le Point sou radyo tele Métronome 30 me pase a, ekriven Franck Étienne te lanse yon kri dezespwa akòz difikilte ekonomik fanmi l ap fè fas.

Nan yon ekstrè kite vinn viral sou entènèt la, ekriven powèt Ayisyen an t ap etale amètim ak endiyasyon l fas ak yon peyi kote l fè plis pase 80 lane ap sèvi e reprezante, pa rive gratifye l valableman, sitou atravè zèv li ki ta ka pèmèt li viv nan dinyite, men ki anpeche l vakye ak aktivite l kòrèkteman notamman akòz nouvo fenomèn peyi lòk la, li kalifye kòm yon « pratik politik esteril. »

Yon apèl ki te touche e revòlte konsyans anpil moun nan sosyete a, ki estime li malonèt ak endiyan pou yon pèsonaj anblematik kou Franck twouve l nan yon sitiyasyon kritik parèy. Sepandan, aprè apèl sila, ekriven an te tou pwofite lanse 3 jounen ekspozisyon kote tablo l ak divès liv li ekri te disponib pou vann, nan yon fòma vant o zanchè, yon fason pou l ka palye ak debwa ekzistansyèl li.

Yon pwopozisyon piblik la ak divès pèsonalite nan sosyete a te akeyi ak bra louvri, kote divès moun te deplase al nan rezidans prive li, ki tabli l nan Dèlma 31, yon fason pou sipòte ak manifeste lanmou yo pou ekriven an.

Yon lòt kote, rektè inivèsite kiskeya a, Jacky Lumarque, ki te reponn prezan nan aktivite sila, te pwofite pou achte plizyè tablo epi tou pou pwopoze ak volonte ekriven an pou tabli yon pwojè denome《 La chaire Franck Étienne sur la culture haïtienne 》. Paralèlman ansyen senatè depatman Latibonit la, Yourie Latorture, pa t ensansib ak apèl sila, sa ki lakoz li te prezan nan aktivite a epi pwofite pou pwopoze soutyen li nan yon fason pi konkrè ak powèt dramatij la.

N ap raple, Franck Étienne se te Minis lakilti sou gouvènman Lesly François Manigat a, Anseyan, Ekriven, Pent, Mizisyen, chantè a gen nan tabloyid li plis pase 6 000 tablo ak anviwon 80 liv pibliye, poutan, vrèsanbableman vann zèv atistik pa sifi pou fè yon moun viv dinyeman an Ayiti.

Jefferson Bonissant, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841