Eta Majò Fòs Ame Dayiti (FAd’H) anonse revokasyon de (2) sòlda premye klas 5 jen 2026 la, apre yon ankèt entèn ki te louvri sou ensidan ki te rive nan nuit 27 avril 2026.

Daprè yon lèt ofisyèl ki pote dat 3 jen 2026, de militè yo ta enplike nan zak ekstòsyon pandan yon patwouy nan zòn Delmas 31. Ankèt la fè konnen plizyè sitwayen te viktim chantaj ak menas pandan operasyon an.

Kòmandman siprèm FAd’H la estime aksyon sa yo pa ann amoni ak prensip disiplin, entegrite ak respè enstitisyon militè a dwe defann. Apre komisyon ankèt la te remèt konklizyon li yo, otorite yo pran desizyon pou mete fen ak sèvis aktif de sòlda yo nan enterè enstitisyon an.

Revokasyon an fèt ak dezonè pandan yon seremoni piblik ak solanèl ki te dewoule vandredi 5 jen 2026, an prezans Minis Defans lan, Mario Andrésol. Nan kad mezi sa a, ansyen sòlda yo oblije remèt san pèdi tan tout ekipman ak materyèl Leta te mete a dispozisyon yo.

Otorite militè yo fè konnen desizyon sa a demontre volonte FAd’H pou konbat tout fòm move konpòtman nan mitan twoup li yo epi prezève kredibilite ak imaj enstitisyon an devan popilasyon an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841