Nan yon moman kote anpil jèn ayisyen ap lite pou jwenn espas yo nan yon mond ki vin pi konplike chak jou, genyen kèk figi ki chwazi chemen refleksyon, rechèch ak angajman entelektyèl pou pote limyè sou kestyon sosyal, politik ak imen ki ap travèse sosyete modèn yo. Pami figi sa yo, non Jean Launy AVRIL kontinye ap pran plas li piti piti sou sèn entènasyonal la kòm yon jèn chèchè, editoryalis ak aktè medya ki angaje nan kestyon ki gen rapò ak syans imen ak sosyal yo.

Jedi 04 jen 2026 la, Jean Launy AVRIL te patisipe ankò nan yon gwo kolok entènasyonal ki òganize pa EDIQ — Équipe de Recherche en Équité, Diversité et Inclusion de Université Laval nan Québec, Kanada 🇨🇦. Se twazyèm fwa jèn entèlektyèl ayisyen sa ap pran lapawòl nan kad kolok entènasyonal sa, sa ki montre yon prezans akademik ki ap vin pi solid chak ane sou kestyon migrasyon, diskriminasyon, kestyon rasyal ak relasyon entènasyonal nan espas Amerik Latin nan.

Pou edisyon 2026 sa, Jean Launy AVRIL te prezante yon rechèch ki pote tit : « De la marginalisation à la visibilité : expériences croisées de jeunes Haïtiens en Amérique latine (2010–2020) ».

Nan travay sa, chèchè a analize eksperyans jèn ayisyen ki imigre nan diferan peyi Amerik Latin tankou Chili, Brezil ak Ajantin apre tranblemanntè 2010 la. Rechèch la montre kijan anpil nan jèn sa yo sibi diskriminasyon rasyal, eksklizyon sosyal, difikilte ekonomik ak kestyon idantite nan peyi kote yo ale yo. Men an menm tan tou, li montre kijan migran ayisyen yo rive devlope estrateji rezistans, solidarite ak rekonstriksyon sosyal pou egziste nan nouvo espas sa yo.

Youn nan aspè ki plis make nan prezantasyon Jean Launy AVRIL la se fason li itilize yon apwòch entèseksyonèl ak dekolonyal pou analize kestyon migrasyon ayisyèn nan Amerik Latin nan. Daprè li, kestyon migrasyon an pa dwe sèlman wè sou kestyon deplasman moun, men tou kòm yon kestyon ki mare ak eritaj kolonyal, kestyon ras, kestyon klas sosyal ak kestyon pouvwa nan sosyete modèn yo.

Nan prezantasyon li a, li te mete aksan espesyal sou kestyon “vizibilite sosyal” migran ayisyen yo. Daprè refleksyon li, anpil migran ayisyen pa sèlman ap chèche “entegre” nan sosyete kote yo rive yo, men yo ap chèche konstwi pwòp espas sosyal, pwòp idantite ak pwòp fòm rezistans pa yo fas ak diskriminasyon ak prejije yo ap sibi chak jou.

Jean Launy AVRIL pa sèlman limite tèt li ak kestyon teyorik. Rechèch li a baze sou entèvyou semi-direktif, obsèvasyon teren, analiz diskou medya ak kestyon eksperyans vivan migran yo. Sa bay travay li yon dimansyon imen ak sosyal ki depase kestyon akademik tradisyonèl yo.

Men sa ki fè pakou Jean Launy AVRIL plis enteresan toujou, se lefèt ke li menm tou li viv eksperyans migrasyon an. Ant Ayiti, Ajantin ak Lafrans, jèn chèchè sa rive bati yon refleksyon ki sòti nan eksperyans pèsonèl li pandan li respekte prensip syantifik ak metodolojik rechèch inivèsitè yo. Se yon pozisyon ki bay travay li plis pwofondè sou kestyon idantite, eksklizyon ak rezistans sosyal.

Anplis angajman akademik li, Jean Launy AVRIL se youn nan motè prensipal ki dèyè jounal Centre à la UNE. Li se editoryalis ak Direktè Jeneral medya sa ki depi plizyè lane ap fè yon travay refleksyon kritik sou kestyon politik, sosyal ak jeopolitik ki konsène Ayiti ak mond lan. Li fè pati ekip fondatè solid ki te kanpe dèyè nesans pwojè medya sa, yon medya ki rive bati plas pa li nan peyizaj enfòmasyon ayisyen an atravè analiz serye, editoryal kritik ak ouvèti sou kestyon entènasyonal yo.

Depi kèk ane, Jean Launy AVRIL kontinye miltipliye patisipasyon li nan konferans, kongrè ak kolok entènasyonal nan diferan peyi Ewòp ak Amerik. Travay li yo travèse plizyè disiplin :

relasyon entènasyonal,

Jeopolitik,

  • kestyon migrasyon,
  • memwa istorik,
  • kestyon rasyal,
  • diplomasi,
  • ak syans sosyal yo an jeneral.

Prezans li nan espas entènasyonal sa yo montre gen yon nouvo jenerasyon entèlektyèl ayisyen ki ap chèche reprann plas refleksyon ayisyèn nan gwo deba mondyal yo.

Nan yon kontèks kote Ayiti souvan redui sèlman ak kestyon kriz, vyolans ak enstabilite, pakou Jean Launy AVRIL vini kòm yon lòt imaj Ayiti : yon Ayiti ki kontinye pwodwi jèn reflechi, jèn angaje, jèn ki itilize rechèch, pawòl ak refleksyon kòm zouti pou konprann mond lan epi pote kontribisyon yo nan gwo kestyon entènasyonal yo.

Ekri : Sadrax ULYSSES PDG Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841