Nan kriz grav Mibalè ak Sodo ap travèse depi plizyè mwa yo, anpil sitwayen, òganizasyon ak pèsonalite ap eseye pote lide, sipò oubyen inisyativ pou ede popilasyon an retounen lakay yo. Men, daprè deklarasyon Mèt Robenson MAZARIN fè ak Centre à la Une nan dat 24 me 2026 la, chak fwa gen yon mouvman ki lanse pou chèche solisyon oubyen fasilite retou moun yo, toujou genyen yon ti gwoup moun ki parèt pou kraze efò sa yo atravè denigreman, pwopagann ak atak pèsonèl kont moun ki vle ede yo.


Pou avoka a, sitiyasyon sa a pa sèlman dekourajan, men li danjere tou pou avni kominote yo. Li fè konprann gen moun ki sanble pi alèz nan dezòd la pase nan rechèch solisyon. Olye kèk moun ankouraje tèt ansanm ak solidarite nan moman difisil sa a, yo pito itilize rezo sosyal, emisyon oubyen lòt espas pou voye dout sou nenpòt moun ki pran pozisyon oubyen ki vle angaje tèt yo pou ede Mibalè ak Sodo soti nan enpas la.


Mèt Robenson MAZARIN kwè klima sa a kòmanse fè anpil moun serye pran distans yo. Gen sitwayen, antreprenè, aktè politik, manm dyaspora ak lòt moun ankò ki te vle pote sipò moral, materyèl oubyen estratejik, men ki vin ezite paske yo pa vle tonbe anba jouman, akizasyon oubyen manipilasyon. Daprè li, lè yon sosyete rive nan nivo kote tout moun ki vle ede vin tounen sib atak, se sosyete a menm ki ap bloke pwòp delivrans li.


Nan fon kestyon an, anpil obsèvatè wè yon gwo pwoblèm divizyon ak enterè pèsonèl. Pandan popilasyon an ap viv anba laperèz, pandan fanmi yo oblije kite kay yo, pandan ekonomi lokal la prèske paralize, gen moun ki toujou chwazi fè politik ti gwoup, fè rivalite pèsonèl oswa pwoteje enterè pa yo olye yo mete tèt ansanm pou kominote a. Se sa ki fè anpil moun nan zòn nan kòmanse mande tèt yo : èske vrèman tout moun enterese wè Mibalè ak Sodo reprann lavi yo nòmal ?


Kritik sa a louvri yon lòt kestyon ki pi laj toujou sou fason sosyete ayisyèn nan konn trete pwòp pitit li. Souvan, moun ki pran inisyativ, ki pale oubyen ki angaje tèt yo vin premye moun yo atake. Gen yon tandans pou kraze imaj moun olye yo diskite lide yo. E pandan tan sa a, pwoblèm yo rete menm jan, tandiske popilasyon an kontinye soufri.


Pou anpil moun, deklarasyon Mèt Robenson MAZARIN nan vini tankou yon apèl pou plis matirite kolektif. Paske kriz Mibalè ak Sodo a depase kestyon politik oubyen kestyon enterè pèsonèl. Se kestyon lavi moun, kestyon sekirite, kestyon diyite ak kestyon avni yon kominote antye.


Nan moman kote anpil fanmi toujou ap tann pou yo retounen lakay yo san kè sote, anpil moun estime li lè pou kestyon solidarite a pran plas kestyon rivalite yo. Paske okenn kominote pa ka sòti nan kriz si tout efò pou chèche solisyon toujou ap kraze anba jalouzi, divizyon ak denigreman.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841