Nan yon kominike Delegasyon Depatmantal Sant lan mete deyò madi 19 me 2026 la, Delege depatmantal la, Occéan Frédérique, fè konnen gouvènman an voye yon delegasyon espesyal nan depatman an pou evalye sitiyasyon ensekirite a ansanm ak kesyon anviwònman ki afekte plizyè komin nan zòn nan.
Daprè kominike a, delegasyon sa a te vini sou enstriksyon Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé. Li te dirije pa Daril Balthazar, Direktè Jeneral SNGRS la, akonpaye pa Junior Bonheur, konseye espesyal Premye Minis la.
Pandan vizit la, delegasyon an te rankontre ak otorite depatmantal yo pou diskite sou plizyè kesyon ki konsène sitiyasyon sekirite depatman Sant lan, sitou nan komin Mibalè, Sodo ak yon pati nan Laskawobas, kote anpil fanmi te oblije kite kay yo depi 31 mas 2025 apre atak gwoup ame ki fè pati kowalisyon “Viv Ansanm”.
Nan dokiman an, Delegasyon Depatmantal la esplike gen yon evalyasyon pwofon k ap fèt sou sitiyasyon an pou pèmèt Leta pran mezi rapid ak efikas pou fasilite retou moun deplase yo nan zòn ki afekte yo.
Kominike a fè konnen kesyon ranfòsman fòs lòd yo te youn nan pwen prensipal ki te abòde pandan rankont yo. Otorite yo mande plis resous ak mwayen lojistik pou inite espesyalize ki deja sou teren an depi mwa mas 2025, nan objektif pou reprann kontwòl espas gang ame yo okipe yo.
Delegasyon Depatmantal la fè konnen tou li pwofite rankont la pou soumèt bay reprezantan gouvènman yo plizyè bezwen ijan fanmi deplase yo genyen. Daprè kominike a, otorite yo espere gouvènman an ap pote asistans rapid ak apwopriye pou ede fanmi sa yo pandan y ap tann posibilite pou retounen lakay yo.
Nan menm kad la, delegasyon gouvènman an te enstale nouvo direktè depatmantal SNGRS nan Sant lan, Joel Lapaix. Daril Balthazar anonse tou yon pwojè asenisman ansanm ak plan pou mete yon sant jesyon fatra sou pye pou ede konbat pwoblèm fatra nan depatman an.
Pou fini, Occéan Frédérique salye vizit delegasyon gouvènman an, pandan li renouvle angajman li pou kontinye travay ak tout otorite Leta yo nan lide pou amelyore sekirite ak kowòdinasyon aksyon piblik yo nan depatman Sant lan.