Nan okazyon fèt Drapo a, òganizasyon Éveil Patriotique d’Action Sociale et Intellectuelle (EPASI) te òganize yon konferans-deba pou sansibilize jèn yo sou wòl yo nan konstriksyon nasyon.

Pandan li t ap pran lapawòl devan patisipan yo, kowòdonatè jeneral òganizasyon an, Wilson-Sydney Joseph, te souliye enpòtans pou ranfòse santiman apatenans lakay Jèn yo pou peyi a.

Li ankouraje jèn yo pou angaje yo aktivman nan inisyativ sosyal ak sitwayèn ki kapab favorize devlopman yon sosyete ki pi ekilibre ak enklizif. Responsab la te ensiste tou sou nesesite pou konbat fenomèn akiltirasyon an atravè valorizasyon prensip patriyotik yo.

Aktivite a te òganize an patenarya ak JCI, ki prezante kòm yon òganizasyon alye k ap evolye tou nan domèn sosyal la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841