Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) prezante kalandriye egzamen Leta ane eskolè 2025-2026.
■ 29 jen – 2 jiyè 2026 : egzamen pou 9èm ane fondamantal ;
■ 29 jen – 3 jiyè 2026 : egzamen pou lekòl nòmal enstititè ;
■ 29 jen – 3 jiyè 2026 : egzamen pou sant edikasyon familyal ;
■ 29 jen – 3 jiyè 2026 : egzamen pou fòmasyon teknik ak pwofesyonèl ;
■ 13 jiyè – 16 jiyè 2026 : bakaloreya (segondè 4) ;
■ Bak pèmanan :
▪︎Premyè sesyon : 15 desanm – 18 desanm 2025
▪︎Dezyèm sesyon : 13 jiyè – 16 jiyè 2026.
Pou rapèl, Ministè Edikasyon Nasyonal te anonse nan yon Kominike pou laprès enskripsyon kandida pou sesyon rekale bakaloreya jiyè 2026 yo ap dewoule sòti 4 pou rive 22 me 2026. Kidonk, dezyèm sesyon egzamen bakaloreya pou kandida rekale yo pou lane akademik 2025-2026 ap kòmanse 13 pou bout 16 jiyè 2026. MENFP te pwofite souliye kandida rekale ki nan filo yo k ap kapab patisipe nan eprèv yo pral konpoze inikman nan matyè yo pa t genyen nòt pasaj la (anrejistre nan baz done BUNEXE) pou yon peryòd de (2) lane yonn kole ak lòt nan evalyasyon ofisyèl la. Nenpòt lòt fason an, kandida rekale a dwe reprann ansanm matyè yo.
Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE