Direktè jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Dr Tedros Adhanom Ghebreyesus, anonse yon finansman 1 milyon dola ameriken pou ede Lopital Inivèsite La Paix (HUP), nan Pòtoprens, jwenn ekipman medikal esansyèl, nan yon moman kote sistèm sante peyi a ap fè fas ak gwo difikilte.

Anons sa a fèt jedi 26 novanm 2026, nan kad vizit responsab OMS la ann Ayiti. Lajan sa a pral sèvi, pami lòt bagay, pou achte yon eskanè medikal (scanner) ansanm ak ekipman pou 4 sal operasyon nan lopital la, yon fason pou ranfòse kapasite li nan bay swen ak fè entèvansyon chirijikal.

Dapre enfòmasyon OMS pibliye, Lopital Inivèsite La Paix rete youn nan pi gwo sant lopital piblik ki toujou ap fonksyone nan kapital la, pandan anpil lòt etablisman sante oblije fèmen oswa diminye sèvis yo akoz ensekirite a.

Depi janvye 2026, HUP deja resevwa plis pase 19 575 pasyan nan sèvis ijans li yo. Lopital la reyalize 3 086 operasyon chirijikal epi li pran swen 1 442 fanm ki te gen akouchman ki prezante gwo risk. Chif sa yo montre wòl enpòtan sant sa a ap jwe nan bay popilasyon an swen, sitou nan yon kontèks kote aksè ak sèvis medikal vin pi difisil.

Yon sistèm sante anba gwo presyon

Pandan vizit li ann Ayiti, Dr Tedros Adhanom Ghebreyesus fè konnen vyolans ak zam, deplasman popilasyon ak epidemi maladi ap mete sistèm sante peyi a anba gwo presyon. OMS estime anviwon 4,9 milyon moun ap bezwen asistans sante pandan ane 2026 la.

Òganizasyon an rapòte tou prèske mwatye etablisman sante nan Pòtoprens pa fonksyone, pandan yon lòt pati ap fonksyone sèlman an pati. Nan tout peyi a, anviwon 24,5% etablisman sante yo pa fonksyone, epi 48,5% ap bay sèvis nan kondisyon limite.

Direktè jeneral OMS la mete aksan sou nesesite pou kontinye soutni pèsonèl medikal yo, ki ap travay nan kondisyon difisil, epi pou mobilize plis resous pou garanti popilasyon an jwenn sèvis sante esansyèl.

Plis pase 30 milyon dola mobilize nan 2 ane

OMS ak Òganizasyon Panameriken pou Sante (OPS) fè konnen yo mobilize plis pase 30 milyon dola ameriken pandan 2 dènye ane yo pou soutni repons sistèm sante Ayiti a. Finansman sa yo ede kenbe kèk sant medikal enpòtan an fonksyon, soutni sèvis esansyèl epi konbat epidemi.

Nouvo sipò 1 milyon dola pou Lopital Inivèsite La Paix la antre nan efò sa yo pou ranfòse kapasite lopital la, amelyore swen ijans epi fasilite tretman pasyan ki bezwen entèvansyon espesyalize.

Pandan vizit li a, Direktè jeneral OMS la te rankontre ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ansanm ak minis Sante piblik la, Dr Bertrand Sinal, pou diskite sou priyorite sektè sante a ak mwayen pou ranfòse sistèm sante peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a.

Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo.

Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann.

Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841