Nan okazyon Jounen entènasyonal pou elimine vyolans sou fanm, ki make 25 novanm, òganizasyon feminis Kay Fanm lanse yon kanpay sansibilizasyon ki pote tèm « 16 jou pou kase silans, 16 jou pou aji ». Nan kad inisyativ sa a, òganizasyon an mete sou pye ekspozisyon fotografi pou prezante travay fanm ki te patisipe nan fòmasyon sou fotografi, yon fason pou sèvi ak atizay kòm zouti ekspresyon, temwayaj ak denonsyasyon vyolans ki baze sou sèks.
Kanpay la ap dewoule soti 25 novanm, Jounen entènasyonal pou elimine vyolans sou fanm, rive 10 desanm, Jounen entènasyonal dwa moun. Atravè mobilizasyon sa a, Kay Fanm vle atire atansyon piblik la sou vyolans fanm ak tifi ap sibi, defann dwa ak diyite yo, epi pote sipò bay sivivan yo.
Òganizasyon an ankouraje tout moun pran pozisyon kont vyolans sa yo, olye yo rete senp spektatè. Li envite piblik la suiv platfòm li yo, pataje mesaj sansibilizasyon li yo epi kontribye nan fè vwa kont vyolans lan tande.
Nan kad lansman kanpay la, ekspozisyon fotografi yo bay fanm ki te suiv fòmasyon an yon espas pou montre talan yo, kreyativite yo ak fason yo wè reyalite sosyal la. Fòmasyon sa yo te pèmèt patisipan yo aprann nouvo teknik epi dekouvri fotografi kòm yon mwayen pou rakonte istwa ak transmèt mesaj.
Pami fanm k ap prezante travay yo nan ekspozisyon sa yo genyen Dorlus Wilnise ak Dorlus Daphline.
Wilnise fè konnen fòmasyon an pèmèt li konprann fotografi pa sèlman yon kesyon bèl imaj, men tou yon fason pou dokimante reyalite sosyal, rakonte lavi moun epi bay moun yo souvan pa jwenn vizibilite yo yon vwa. Travay li sou lavi yon fanm k ap fè menaj lakay lòt moun fè li reflechi plis sou valè travay fanm, sakrifis yo ak difikilte yo rankontre.

Li kwè fotografi kapab sèvi kòm yon mwayen pou sansibilize sosyete a sou vyolans fanm ap sibi, pandan li mete aksan sou istwa, soufrans, diyite ak espwa yo. Li konsidere òganizasyon tankou Kay Fanm kòm aktè enpòtan nan fòmasyon, akonpayman ak otonomizasyon fanm yo.
Pou Dorlus Daphline, fòmasyon sa a chanje fason li te konn wè fotografi. Anvan, li te konsidere l sitou kòm yon mwayen pou konsève souvni ak kaptire moman ki pa ka repete. Men, eksperyans lan fè li dekouvri fotografi kapab rakonte istwa epi transmèt emosyon.
Daphline esplike atravè foto li prezante yo, li vle montre lavi fanm yo ak reyalite yo ap viv chak jou. Dapre li, fotografi kapab ede denonse vyolans ki souvan rete kache, epi fè piblik la pi konsyan sou nesesite pou viktim yo jwenn sipò epi pou vyolans sa yo pa rete anba silans.

Eksperyans sa a reprezante yon nouvo pwen depa pou li nan domèn fotografi. Li swete kontinye aprann, amelyore teknik li epi reyalize lòt pwojè nan lavni.
Ekspozisyon sa yo pa sèlman gen yon dimansyon atistik. Yo montre tou yon foto kapab tounen temwayaj, yon imaj kapab pote yon mesaj, epi yon istwa kapab ede chanje fason sosyete a gade reyalite fanm yo.
Lè fanm jwenn mwayen pou rakonte pwòp eksperyans yo, pou eksprime tèt yo epi fè talan yo parèt, sa kontribye nan ranfòse diyite yo, vizibilite yo ak plas yo nan sosyete a.
Kase silans sou vyolans kont fanm ak tifi pa dwe yon angajman ki dire sèlman 16 jou. Se yon batay kolektif ki dwe kontinye chak jou, pou tout fanm ak tifi kapab viv san yo pa pè sibi okenn fòm vyolans.



