Se ototal 54 teworis ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm ki mouri depi lè operasyon Polis Nasyonal Ayiti-Task Force yo kòmanse nan divès fwaye gang yo nan Matisan, daprè bilan PNH la bay lendi 23 novanm 2026 la.

Pandan Fòs represyon gang nan @GSForceHaiti ap miltipliye atak li yo kont gwoup ame yo, bandi yo pa genyen dòmi nan je. Aprè Pòtoprens, Taba ak Site Solèy, operasyon yo dezòmè rive sitou nan vilaj Pandou ak zòn ki antoure l yo, nan Gwo-Mòn (Latibonit) kote militè yo fè entèvansyon dimanch 22 novanm nan. Pandan operasyon sa yo, sòlda yo anonse yo sezi 10 zam, plis pase 110 katouch, materyèl kominikasyon, ekipman pwoteksyon ak divès lòt objè.

Plis pase yon dizèn machin kòmkwa gang yo konn itilize idantifye. Militè yo afime anfen yo dekouvri yon sit ki ta sèvi katye jeneral a yon gwoup ame.

Nan Site Solèy, yon prezime manm gang mouri ak yon lòt blese. Fòs lòd yo sezi yon zam, yon grenad ak yon telefòn. Se premye bilan Fòs represyon gang nan (FRG) bay nan yon operasyon nan pi gwo bidonvil peyi a ki mennen bonè dimanch maten 22 novanm nan.

Pandan operasyon sa, fòs ki angaje yo te rantre nan yon kay kòmkwa ki konn sèvi refij ak depo zam gwoup ame yo epi yo kraze li pou anpeche bandi yo reprann li, se sa @GSForceHaiti anonse.

Anviwon yon ventèn prezime bandi ta mouri dimanch 22 novanm 2026 la pandan yon nouvo operasyon Polis Nasyonal Ayiti apiye pa Task Force la mennen. Pandan operasyon sa, inite espesyalize yo te itilize dwòn kamikaz pou kraze kay dezyèm chèf gang zòn nan.

Matisan te leve sou tansyon dimanch 22 novanm 2026 la. Depi 3è nan maten, fòs lòd yo te lanse yon gwo operasyon nan katye sa ki nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan nan objektif pou mete gang ame yo deyò.

Depi kòmansman entèvansyon an, moun te tande plizyè gwo kout bri zam otomatik ak eksplozyon dwòn nan zòn nan. Yo te tande tou plizyè eksplozyon dwòn pandan operasyon an. Sitiyasyon an te rete frajil piske afwontman yo te rapousuiv nan jounen an. Operasyon sa yo genyen pou objektif reprann kontwòl zòn Matisan pou wout ki mennen nan Gran Sid yo debloke.

Jacky M. Fontaine
Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a.

Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo.

Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann.

Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841