🇭🇹 CENTRE À LA UNE | ANALIZ POLITIK AK JIRIDIK
ELEKSYON 2027 : SOU 33 MOUN KI ENSKRI POU PREZIDANS LAN, KONBYEN KI RANPLI KONDISYON KONSTITISYON AN VREMAN?
Pandan deba piblik la sanble konsantre sou kantite moun ki enskri pou vin prezidan peyi a, gen yon kestyon fondamantal ki poko jwenn tout atansyon li merite : elijibilite jiridik kandida sa yo. Konsèy Elektoral Pwovizwa a anonse 33 moun enskri pou patisipe nan eleksyon prezidansyèl yo. Men, ant enskripsyon yon moun sou platfòm KEP a ak validasyon definitif kandidati li, genyen yon distans jiridik anpil moun sanble ap neglije. Dapre yon premye estimasyon ki soti nan travay obsèvasyon Centre à la UNE, prèske 80% nan moun ki enskri yo ta kapab rankontre obstak jiridik nan pwosesis validasyon kandidati yo. Estimasyon sa a rete yon ipotèz ki mande yon egzamen endividyèl dosye chak kandida. Se pa sou baz emosyon, afinite politik oswa konsiderasyon patizan kestyon sa a dwe poze, men pito sou baz dispozisyon Konstitisyon 1987 amande a ansanm ak dekrè elektoral an vigè a. Atik 135 Konstitisyon an tabli yon seri kondisyon pou yon sitwayen kapab kandida pou prezidans Repiblik la. Pami kondisyon sa yo, genyen obligasyon pou moun ki te kontab lajan piblik jwenn dechaj pou jesyon yo. Atik 76 dekrè elektoral ki pibliye 6 oktòb 2026 la ajoute lòt egzijans, tankou regilarite fiskal ak deklarasyon patrimwàn pou moun ki te òdonatè oswa kontab lajan piblik. Lè nou konsidere kantite ansyen prezidan, premye minis, minis ak lòt ansyen responsab administrasyon piblik ki manifeste anbisyon prezidansyèl, li vin nesesè pou nou egzamine sitiyasyon administratif ak finansye chak moun. Pase nan tèt Leta pa bay yon moun iminite devan lalwa. Okontrè, egzèsis yon fonksyon piblik kreye yon obligasyon pou rann kont sou fason li te jere resous kolektivite a. Kijan yon sitwayen kapab mande pèp la konfye l avni Repiblik la san kestyon sou fason li te jere responsabilite piblik li te genyen anvan yo pa jwenn repons?
KESYON DECHAJ LA : YON OBSTAK KONSTITISYONÈL NAN MITAN YON VID ENSTITISYONÈL
Pi gwo paradòks pwosesis elektoral sa a chita nan feblès enstitisyon ki gen responsabilite pou kontwole jesyon lajan piblik epi akòde dechaj. Kou Siperyè Dèkont ak Kontansye Administratif la (CSCCA) gen yon wòl fondamantal nan verifikasyon kont ak jesyon resous Leta. Men, pou ansyen responsab ki tonbe anba pwosedi dechaj palmantè a, absans yon Palman fonksyonèl kreye yon gwo difikilte enstitisyonèl. Depi janvye 2020, Palman ayisyen an te pèdi kapasite pou l fonksyone nòmalman, anba administrasyon Jovenel Moïse. Nan mwa janvye 2023, manda dènye senatè yo te rive nan bout yo, sa ki kite peyi a san okenn palmantè an fonksyon. Jodi a, nou devan yon kontradiksyon ant egzijans Konstitisyon an ak reyalite enstitisyonèl peyi a. Yon bò, lalwa egzije dechaj pou kategori ansyen responsab piblik li konsène yo. Yon lòt bò, youn nan enstitisyon ki gen konpetans pou entèvni nan pwosedi sa a pa fonksyone. Èske absans Palman an kapab sèvi kòm yon rezon pou mete yon kondisyon konstitisyonèl sou kote? Èske KEP a gen otorite pou l ranplase yon enstitisyon Konstitisyon an bay konpetans espesifik? Ki solisyon jiridik ki kapab pèmèt peyi a soti nan enpas sa a san li pa sakrifye prensip responsabilite moun ki te jere lajan piblik? Fòk nou fè yon distenksyon tou ant yon moun ki resevwa yon rapò favorab sou jesyon li ak yon moun ki jwenn dechaj definitif selon pwosedi legal ki aplikab pou fonksyon li te okipe a. Absans dechaj pa vle di otomatikman yon moun te vòlè lajan Leta, men li kapab reprezante yon obstak pou elijibilite li lè Konstitisyon an egzije dokiman sa a. Se tout sans kestyon an. Yon pwosesis elektoral pa kapab pretann rebati Leta dedwa pandan li neglije kontradiksyon ki genyen nan aplikasyon pwòp règ li yo.
SANKSYON ENTÈNASYONAL, RESPONSABILITE POLITIK AK KREDIBILITE ELEKSYON YO
Yon lòt dimansyon ki merite yon analiz apwofondi se sitiyasyon pèsonalite politik ki anba sanksyon entènasyonal. Pandan dènye ane yo, plizyè ansyen responsab politik ayisyen ak aktè ekonomik resevwa sanksyon nan men gouvènman etranje oswa Konsèy Sekirite Nasyonzini. Men, sou plan jiridik, yon sanksyon administratif entènasyonal pa nesesèman gen menm konsekans ak yon kondanasyon penal definitif. Dekrè elektoral revize oktòb 2026 la retire egzijans jeneral ki te konsène prèv absans sèten sanksyon finansye etranje, pandan restriksyon kont moun ki anba sanksyon Nasyonzini yo rete aplikab. Distenksyon sa a enpòtan, paske KEP a pa kapab envante kondisyon elijibilite lalwa pa prevwa, menm jan li pa kapab fèmen je sou kondisyon lalwa enpoze. Sepandan, elijibilite jiridik yon moun pa elimine kestyon responsabilite politik ak moral li devan elektè yo. Si yon ansyen responsab kapab legalman patisipe nan eleksyon malgre sanksyon yon gouvènman etranje pran kont li, popilasyon an toujou gen dwa mande eksplikasyon sou sikonstans ki mennen nan mezi sa yo. Se poutèt sa Centre à la UNE konsidere egzamen 33 dosye prezidansyèl yo kòm yon etap desizif pou kredibilite tout pwosesis elektoral la. Si ipotèz nou an ta konfime apre verifikasyon dokiman yo, se sèlman anviwon 6 a 7 moun ki ta kapab satisfè tout kondisyon yo, sou 33 ki enskri yo. Men, se egzamen dosye yo, dispozisyon legal yo ak desizyon otorite elektoral konpetan yo ki dwe etabli kantite definitif la. Transparans mande pou KEP a kapab esplike sou ki baz jiridik li aksepte oswa rejte chak kandidati, san favoritism ni diskriminasyon. Paske vrè kestyon an se pa kantite moun ki vle antre nan Palè Nasyonal la, men kantite moun ki kapab antre ladan l atravè pòt Konstitisyon an. Demokrasi pa kòmanse jou sitwayen yo depoze bilten yo nan bwat vòt la. Li kòmanse depi nan moman enstitisyon elektoral yo aplike menm règ yo pou tout moun.
Jean Launy AVRIL DG ak Editoryalis, Centre à la UNE



