Konsèy Sekirite Nasyonzini reyini an ijans vandredi 28 dawout la pou egzamine sitiyasyon an ann Ayiti, kèk jou apre atak sanglan ki te fèt nan Kenskòf nan lannuit 23 pou rive 24 dawout la.Reyinyon sa a te mete aksan sou gravite kriz sekirite a, sitiyasyon imanitè a, avni Force de suppression des gangs (GSF) la ansanm ak nesesite pou kreye kondisyon ki pèmèt pwosesis politik ak elektoral la kontinye.

Masak Kenscoff la devan Konsèy Sekirite a

Pandan reyinyon an, Carlos Ruiz Massieu, chèf Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH), kondane atak brital gang ame yo te lanse nan Kenskòf la.

Dapre enfòmasyon ki te prezante devan Konsèy Sekirite a, atak la deja fè omwen 47 moun mouri, pandan plizyè lòt moun te kidnape.

Masak sa a montre yon lòt fwa ankò nivo vyolans ak ensekirite popilasyon an ap sibi nan plizyè zòn peyi a.Kriz la pa limite sèlman ak pwoblèm sekirite. Sou plan imanitè, sitiyasyon an kontinye bay gwo kè sote.Indrika Ratwatte, sou-sekretè jeneral pwovizwa Nasyonzini pou zafè imanitè, fè konnen devan Konsèy Sekirite a prèske 200 000 moun te renvwaye anba fòs ann Ayiti depi kòmansman ane a.

Nimewo sa a vin mete plis presyon sou yon peyi kote kapasite enstitisyon yo deja limite pou reponn ak bezwen popilasyon an.

Lafrans, Etazini ak Wayòm Ini mande renouvèlman manda GSF la.Kesyon fòs entènasyonal ki la pou konbat gang yo te okipe yon plas enpòtan nan diskisyon yo.Lafrans mande pou manda GSF la renouvle nan mwa septanm, pandan li ankouraje kontinyasyon sipò entènasyonal pou deplwaman fòs la.

Paris mande tou pou, nan mwa oktòb, rejim sanksyon ki vize gang yo renouvle epi pou sanksyon sa yo elaji pou rive sou moun ki bay gang yo sipò politik ak finansye.

Menm jan an tou, Etazini ak Wayòm Ini ankouraje manm Konsèy Sekirite a pou akselere pwosesis renouvèlman manda GSF la, ansanm ak livrezon ekipman ak finansman ki nesesè pou rann fòs la pi operasyonèl.

Lachin mande otorite ayisyen yo pran responsablite yo.Pandan reyinyon an, reprezantan Lachin nan Nasyonzini lanse yon mesaj dirèk bay otorite ayisyen yo.Dapre diplomat Chinwa a, pèp ayisyen an pa dwe kontinye peye pri echèk gouvènans ak disfonksyònman peyi a.

Li estime otorite ayisyen yo dwe pran tout responsablite yo nan gouvènans peyi a pou avanse pwosesis politik enklizif la, konbat gang, koripsyon ak enpinite.

Reprezantan Lachin nan mete aksan tou sou nesesite pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an epi envite dirijan ayisyen yo mete an plas yon vrè politik an favè jèn yo, yon demach li konsidere ki kapab kontribye nan konstriksyon yon lòt Ayiti.

Pierre Ericq Pierre rekonèt sitiyasyon sekirite a ap degrade. Pou bò pa Ayiti, reprezantan peyi a nan Nasyonzini, Pierre Ericq Pierre, rekonèt piblikman ke sitiyasyon sekirite a ap vin pi mal.Li mande peyi manm yo respekte angajman yo te pran anvè Ayiti pou rann Force de suppression des gangs lan tout bon fonksyonèl.
Pierre Ericq Pierre raple ke Kotdivwa, Chad ak Mongoli deja siyen akò ak Ayiti pou patisipe nan fòs la. « Sitiyasyon an ijan e li merite yon repons rapid ak kowòdone », se sa reprezantan Ayiti a deklare.Yon deklarasyon ki kontraste ak pozisyon Raina Forbin.Pozisyon Pierre Ericq Pierre nan Konsèy Sekirite a parèt nan yon kontradiksyon ak deklarasyon Raina Forbin, minis Afè Etranjè a, te fè devan Nasyonzini 20 jiyè 2026.Nan entèvansyon li te fè nan dat sa a, Forbin te soutni ke sitiyasyon sekirite ann Ayiti te amelyore anpil.Yon mwa apre, reprezantan Ayiti a nan Nasyonzini prezante yon tablo ki pi alaman, kote li rekonèt sitiyasyon sekirite a ap degrade epi li mande yon repons entènasyonal ijan.Kontras sa a soulve nouvo kesyon sou kominikasyon otorite ayisyen yo devan kominote entènasyonal la, sitou nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak yon ogmantasyon vyolans gang yo ak gwo konsekans imanitè.

Sekirite, gouvènans ak eleksyon : gwo defi devan Ayiti

Pou Nasyonzini, retablisman sekirite rete yon kondisyon endispansab pou estabilize peyi a epi pèmèt pwosesis elektoral la avanse. Reyinyon Konsèy Sekirite a montre, yon lòt fwa ankò, kriz ayisyen an pa sèlman yon pwoblèm sekirite. Li touche tou gouvènans, koripsyon, enpinite, kriz imanitè ak avni politik peyi a.

Apre masak Kenskòf la, kesyon ki rete sou tab la se konnen si angajman entènasyonal yo pral finalman tradui nan aksyon konkrè pou pwoteje popilasyon an epi reprann kontwòl teritwa a sou men gwoup ame yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841