Mèt Renan Hédouville, ansyen Pwotektè Sitwayen an, anba detansyon sèvis imigrasyon ameriken yo (ICE). Dapre enfòmasyon ki parèt sou sit ofisyèl ICE 🇺🇸 la, ansyen gwo fonksyonè ayisyen an ap kenbe nan sant detansyon Konte Pickens.

Li enpòtan pou souliye pwofesè Hédouville te arete pandan li t ap ale nan yon randevou pou regilarize sitiyasyon li Ozetazini.

Anplis de sa, depi ane 2025, non Renan Hédouville fè pati yon avi rechèch, apre yon rapò Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) ki akize l dèske li ta patisipe nan detounman fon piblik, nan passasyon ilegal mache piblik, ansanm ak nan zak ki ta anpeche lajistis fè travay li.

Jiskaprezan, enfòmasyon sa yo baze sou akizasyon ki rapòte nan dokiman ak sous ki site yo; yo pa vle di akizasyon yo deja pwouve devan yon tribinal.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841