Chalmay Peral ak kòmansman rezistans li kont okipasyon amerikèn nan ann Ayiti

Nan dat 30 dawout 1915, Chalmay Peral te kòmandan militè nan zòn Leyogàn, kèk tan aprè okipasyon amerikèn nan ann Ayiti te kòmanse 28 jiyè 1915. Se nan moman sa a Marin Ameriken yo te vin mande l pou l remèt zam li yo ansanm ak drapo ayisyen an. Men, Peral refize kategorikman. Li te fè konnen li p ap obeyi lòd militè etranje, se pou sa li t ap tann yon lòd ofisyèl prezidan Ayiti a, Filip Sid Datignav, anvan menm li ta sede.

Rezistans li a te chita sou refi pou l remèt zam li yo ak drapo nasyonal la san otorizasyon gouvènman ayisyen an. Finalman, prezidan Datignav te voye lòd pou li remèt zam yo, epi li te revoke l nan fonksyon li. Aprè sa, Peral te kite Leyogàn epi li te retounen Ench.

Kèk tan apre, Peral ki te yon ofisye nan Lame Ayisyen an, te refize aksepte kolaborasyon ak okipan ameriken yo. Li te pito pran wout mòn yo, kote li te kòmanse rasanble moun ki te opoze ak okipasyon an, sitou nan mitan KAKO yo, ki te yon rezo peyizan ame ak konbatan ki te angaje nan rezistans lan.

Nan lane 1916, rezistans lan te pran plis fòs. Peral te kontinye òganize konbatan yo nan zòn Plato Santral ak nan depatman Nò peyi a. Yo te itilize tèt mòn yo ak lòt zòn difisil kòm baz operasyon, pou mennen atak kont fòs okipasyon yo. Yo te fè plizyè atak sou baz militè ak patwouy Merin Ameriken yo, ansanm ak fòs ayisyen ki t ap travay avèk yo.

Nan lane 1917, Peral te vin youn nan pi gwo lidè rezistans lan. Se nan peryòd sa a mouvman an te vin pi òganize, kote li te kòmanse dirije yon mouvman ame enpòtan kont okipasyon ameriken an.

Pandan administrasyon Amerikèn nan t ap chèche ranfòse kontwòl li sou Ayiti, opozisyon Peral te vin pi rèd. Li te sèvi ak yon estrateji geriya: konbatan li yo te fè atak rapid, yo te deplase nan zòn montay yo epi yo te evite konfwontasyon dirèk lè fòs okipasyon yo te gen avantaj nan kantite ak ekipman militè.

Nan lane 1918, Péralte te chèche mete diferan gwoup Kako yo anba yon direksyon ki pi inifye, pandan rezistans lan t ap vin pi entans. Li te kontinye mennen operasyon kont Merin Ameriken yo ak Gad d’Ayiti, yon fòs ame ayisyen Merin Ameriken yo te fòme, òganize epi sipèvize. Gad d’Ayiti a te gen kòm misyon kenbe lòd blsn yo, fè patwouy, kontwole teritwa a, epi konbat rebelyon Kako yo.

Konbatan Peral yo te gen yon gwo avantaj, paske yo te konnen tèren an trè byen. Yo te atake liy kominikasyon, patwouy ak kèk pozisyon militè ameriken. An repons, fòs amerikèn yo te lanse gwo operasyon militè pou eseye kraze rezistans lan.

Péralte te vin tèlman enpòtan nan mouvman Kako a, otorite amerikèn yo te konsidere l kòm youn nan prensipal menas militè yo ann Ayiti. Finalman, nan dat 31 oktòb 1919, Merin Ameriken yo, gras ak enfòmasyon yo te jwenn, te rive pwoche bò kan kote Peral te baze a nan zòn Gran Rivyè Dinò, epi yo te kaptire li.

Nan dat 1e novanm 1919, ameriken yo te asasinen Chalmay Peral. Yo te pran yon foto kò li epi itilize imaj la nan yon objektif entimidasyon kont popilasyon an. Men, foto sa a te pran yon lòt sans nan memwa kolektif ayisyen an. Li te vin tounen youn nan pi gwo senbòl rezistans, diyite ak nasyonalis ayisyen kont okipasyon amerikèn nan.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841