PÒTRÈ À LA UNE
Madi 18 Dawout 2026|N° 00570
Ekri pa: Jean Launy AVRIL
Gen moun ki chwazi yon metye. Gen lòt ki reponn yon apèl. Pou Pè Jean Gaby Louis, yo konnen tou sou non Pè Gaby, lavi relijye a pa t yon desizyon ki fèt yon sèl kou. Se te yon vokasyon ki grandi avè l depi timoun. Depi premye ane lavi li, li te santi yon dezi pwofon pou mete tèt li nan sèvis Bondye ak sèvis pwochen li. Jodi a, atravè misyon li kòm prèt, li kontinye suiv egzanp Jezi Kris, pandan li konsakre lavi li pou akonpaye moun, pote espwa epi sèvi san diskriminasyon.
Pè Jean Gaby Louis fèt nan komin Sodo, nan depatman Sant, nan yon fanmi katolik kote lafwa te okipe yon plas enpòtan. Depi li te piti, li te patisipe aktivman nan lavi Legliz la. Li te grandi nan sèvis lotèl la, nan lapriyè ak nan aktivite pastoral yo. Se nan anviwònman sa a dezi pou vin prèt la te pran rasin. Pandan lòt jèn t ap reve lòt pwofesyon, li menm te deja wè lavi li kòm yon mwayen pou kontinye misyon Jezi Kris sou tè a, sèvi moun ki nan bezwen, anonse Levanjil la epi pote lanmou Bondye bay tout moun.
Li fè pati Kongregasyon Misyonè Scalabrinyen yo, yon kominote relijye entènasyonal ki fonde pou akonpaye migran, refijye ak moun ki oblije kite peyi yo. Nan Ayiti, kominote sa a gen yon prezans enpòtan epi li kontinye travay nan sèvis Legliz la ak moun ki pi vilnerab yo. Misyon Scalabrinyen yo chita sou diyite moun, solidarite ak akonpayman espirityèl ak sosyal migran yo. Se vizyon sa a Pè Gaby pote avèk li chak jou nan ministè li.
Chemen pou rive nan prètriz la te mande anpil sakrifis, anpil etid ak anpil disiplin. Pandan plis pase yon dizèn ane, li te resevwa fòmasyon relijye, pastoral ak akademik nan plizyè peyi. Li te pase pa Ayiti, Meksik, Kolonbi, Brezil, Itali ak Ajantin. Chak etap nan fòmasyon sa yo te pèmèt li dekouvri diferan kilti, diferan fason Legliz la akonpaye pèp yo epi prepare li pou sèvi nan yon mond kote migrasyon ak mobilite moun pran yon plas de pli zan pli enpòtan.
Apre òdinasyon li, misyon Legliz la voye li Chili, kote li ap sèvi depi prèske dis lane. Nan peyi sa a, li pa sèlman sèvi kominote katolik lokal la. Li vin tounen yon referans pou anpil Ayisyen k ap viv aletranje. Li akonpaye fanmi yo, selebre maryaj, batèm ak fineray, vizite malad yo, konseye jèn yo epi soutni moun ki ap travèse moman difisil. Pou anpil migran, prezans li se yon sous espwa ak rekonfò.
Sa ki plis make moun ki rankontre Pè Gaby se senplisite li. Malgre fonksyon li, li pa janm mete distans ant li menm ak lòt moun. Li fasil pou pale avè l, li toujou pare pou koute epi ede. Li pa gade ni orijin moun, ni koulè po yo, ni sitiyasyon ekonomik yo. Tout moun resevwa menm akey la, menm respè a ak menm disponiblite a. Se poutèt sa anpil moun wè lakay li yon prèt ki viv Levanjil la nan aksyon, plis pase nan pawòl.
Pè Gaby se yon moun ki pa limite ministè li ak selebrasyon relijye sèlman. Li prezan nan lavi kominote a chak jou. Li pataje lajwa ak lapenn fidèl yo, li ankouraje sila ki dekouraje, li ede moun ki pèdi espwa reprann fòs epi li toujou disponib lè kominote a bezwen li. Se fason sa a li fè ministè li tounen yon vrè sèvis pou moun.
Nan yon mond kote anpil moun ap viv lwen fanmi yo ak peyi yo, temwayaj Pè Jean Gaby Louis montre enpòtans prezans yon prèt ki rete pwòch pèp li. Li se yon relijye ki fè vokasyon li tounen yon misyon san limit, kote sèvis, imilite ak lanmou pou pwochen an rete pi gwo richès li.
Jounal Centre à la Une chwazi mete limyè sou Pè Jean Gaby Louis paske li enpòtan pou rekonèt moun k ap sèvi sosyete a pandan yo toujou vivan. Travay li nan Legliz la, angajman li bò kote kominote ayisyèn nan Chili ak fidelite li anvè misyon Scalabrinyen yo fè li tounen yon modèl sèvis, lafwa ak devouman.
Ekri pa : Jean Launy AVRIL