Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Albert R. Ramdin, rankontre Premye Minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, nan kad lansman travay delegasyon entè-ameriken wo nivo a, pandan vizit li ann Ayiti 17 out 2026 la.

Nan rankont lan, responsab yo te fè echanj sou de priyorite imedya pou Ayiti, sitou ranfòsman sekirite ak avansman preparasyon pou eleksyon yo.

Albert R. Ramdin salye efò k ap fèt pou ogmante kapasite Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Dapre li, ranfòsman kapasite polis la reprezante yon kontribisyon enpòtan pou estabilizasyon peyi a sou long tèm.

Sekretè Jeneral OEA a remèsye Premye Minis Fils-Aimé pou konfyans li bay òganizasyon an. Li eksprime rekonesans li tou anvè patnè entè-ameriken yo, lòt patnè entènasyonal yo ansanm ak donatè yo, pou sipò yo bay PNH atravè pwogram ranfòsman kapasite yo.

Eleksyon yo rete yon gwo priyorite

Diskisyon yo te konsantre tou sou defi ki genyen pou òganize eleksyon nan peyi a. De responsab yo reyafime angajman yo pou sipòte preparasyon elektoral Ayiti epi akonpaye peyi a nan òganizasyon eleksyon ki an sekirite, enklizif ak kredib.

Albert R. Ramdin mete aksan sou angajman kominote entè-ameriken an pou kontinye apiye Ayiti nan efò li pou amelyore sekirite, ranfòse gouvènans demokratik epi konsolide estabilite enstitisyonèl.

Rankont sa a fèt nan yon kontèks kote kesyon sekirite ak preparasyon eleksyon yo rete pami prensipal defi peyi a ap fè fas, pandan otorite ayisyen yo ap chèche jwenn plis sipò nan men patnè entènasyonal yo.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...