Nan twa lane sèlman, konpayi chinwa Comac fè vole premye avyon rejyonal 100 % elektrik li a. Pandan planèt la ap fè fas ak gwo rekò chalè epi syantis yo ap tire kokenn chenn pou 30 pwochèn lane yo, avansman teknolojik sa a reprezante yon gwo espwa pou diminye polisyon nan sektè transpò ayeryen an.

PEKEN, Lachin — Sektè aviyasyon mondyal la fèk konnen yon gwo chòk. Nan dat samdi 14 novanm nan, konpayi chinwa Comac reyisi fè CE-25A vole avèk yon ekipaj abò. Sa ki etone tout obsèvatè yo, se paske avyon rejyonal sa a, ki ka transpòte 19 pasaje e ki mache 100 % ak elektrisite, devlope nan espas twa (3) lane sèlman.

Yon teknoloji inovatè pou vole pi pwòp

Aparèy la, ki peze 10 tòn, te dekole nan vil Binzhou , nan lès peyi Lachin. Li ekipe ak 10 motè elektrik ki plase anlè zèl li yo. Dapre enjenyè yo, pozisyon sa a pèmèt van elis yo pouse lè a pi vit sou zèl yo, sa ki ede avyon an leve pi fasil toutpandan li diminye rezistans lè a.
Avèk batri jeyan chinwa CATL fabrike, CE-25A kapab parcouru yon distans 400 kilomèt nan yon vitès 300 km/h. Pandan premye vòl sa a, te gen de pilòt ak yon enjenyè tès abò aparèy la ki te prezante pou premye fwa an 2023 nan vil Shanghai .

. repons fas ak kriz klimatik la

Anplis konpetisyon ekonomik ki genyen ant Lachin, Etazini ak Ewòp ki gen reta nan domèn sa a. Siksè sa a pote yon gwo lespwa pou planèt la. Sektè transpò ayeryen an reprezante anviwon 3 % nan emisyon gaz kabonik (CO₂) nan mond lan. Sa ki fè li youn nan sektè ki pi difisil pou dekabone. Lè yon avyon vwayaje 100 % ak elektrisite sou ti distans, li pa boule okenn kewozèn epi li pa degaje okenn gaz ki lakòz efè tèmik pandan vòl la.
Inovasyon sa a rive nan yon moman kritik pou klima a. Dapre dènye rapò Òganizasyon Meteyorolojik Mondyal (OMM) pibliye nan mwa novanm 2026 la, tanperati mwayèn sou latè a deja monte a 1,47 °C anplis parapò ak epòk anvan endistriyalizasyon an. Lanmè yo ap chofe epi glas yo ap fonn nan yon vitès rekò.
Syantis Nasyonzini yo nan Gwoup Ekspè Entègouvènmantal sou Evolisyon Klima a (GIEC) avèti ke si peyi yo pa koupe polisyon an rapidman, planèt la pral depase limit danjere 1,5 °C a nan kòmansman ane 2030 yo pou rive ant 2 °C ak 2,6 °C nan 30 pwochèn lane yo. Yon senaryo konsa pral miltipliye vag chalè ekstrèm, siklòn pi pisan, sechrès ak monte nivo lanmè ki menase zòn kotyè yo. Nou menm an Ayiti, nou deja ap fè fas ak efè negatif chanjman klimatik la. Lapli pa tonbe nan rit nòmal kòz rekòl kiltivatè yo mal pase nan peyi a.
Si teknoloji avyon elektrik la rive gaye nan tout mond lan pou vòl kout distans yo, sa ap reprezante yon gwo viktwa pou diminye polisyon ak redwi efè nefas chanjman klima a. Paske chak ti avanse konte pou sove byen komen sa a, planèt tè a, anba menas li ekspoze.

Pwoje anvironman an se pwoteje nou menm ak pwochèn jenerasyon yo. Si gwo peyi yo (peyi ki avanse nan teknoloji yo) ap reflechi sou fòmil pou ranplase enèji fosil (sous gaz a efè desè) pa enèji vèt, èske nou menm Ayisyen nou pata dwe pwoteje anvironman an nan fason nou kapab, byen jere dechè, pwoteje resous natirèl nou yo, fè rebwazman elatriye ?

Bernado JOSEPH,
Licencié en communication sociale et relations publiques, étudiant mémorant en Droit.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a.

Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo.

Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann.

Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841