Pòtoprens, 16 novanm 2026, apre yon premye jounen odyans ki te chaje ak tansyon vandredi 13 novanm ki sot pase a, pwosè ansyen direktris jeneral Sèvis Nasyonal Jesyon Rezidi Solid (SNGRS) la, Magalie Habitant, ak ansyen depite Ti Rivyè Latibonit la, Prophane Victor, prevwa kontinye maten lendi 16 novanm 2026 la devan tribinal kriminèl Pòtoprens lan.
Akize sa yo, ki parèt nan bwat akize a ansanm ak ansyen direktè jeneral Kès Asistans Sosyal (CAS) la, Élionor Dévallon, ak de polisye, ap reponn kesyon lajistis devan yon tribinal k ap syeje san asistans jiri pou swadizan lyen yo ak gwoup gang ame nan peyi a.
Yon premye odyans ki te make pa gwo tansyon
Vandredi 13 novanm nan, depi nan ouvèti deba yo devan tribinal la ki t ap dirije pa jij Kléberson Jean Baptiste an prezans komisè gouvènman Mèt Jean Fritz Patterson Dorval, atmosfè a te byen vit vin elektrik. Avoka defans yo te miltipliye entèvansyon yo pou souleve ensidan pwosedi, kote yo t ap konteste ni kondisyon pwosè a ap fèt ni fason akize yo ap trete.
Mèt Arnel Rémy, youn nan avoka ki nan ekip defans lan, pale nan laprès aprè odyans la. Mèt Remy fè konnen strateji defans la se mande majistra a depòte li de dosye a. Demand sa a vini nan kontèks, selon Mèt Remy, opinyon akize deja fèt nan sosyete a. Avoka bawo Pòtoprens la ajoute, gen rimè ki fè kwè se yon leson ki pral trase sou kliyan l yo nan dosye sila a. Pi lwen, li soulve iregilarite li di ki genyen nan pwosedi a , notamman vyolasyon atik 247 kòd entriksyon kriminèl la, kote li avwe Majistra a pa poze akize yo kesyon sou akizasyon ki repoze sou yo.
Majistra a pa reponn ak demand 12 avoka defans la. Rezon an li kwè manke endis pou sa, toujou selon sa mèt Remy di rapòte nan mikwo laprès. Toufwa, jij la ta rete kòl nan dosye a, dwayen tribinal kapab chwazi yo lòt jij pou tande dosye a, oubyen transfere l nan yon lòt tribinal. Defans la solinye youn nan desizyon sa yon ta pèmèt yo plede devan yon jij ki enspire yo konfyans, pou yon pwosè ekitab, transparan, ak nan respè Dwa fondamantal akize yo. Paske d’aprè Mèt Rémy, majistra ki sou dosye a pa ta prezante garanti enpasyalite ki nesesè pou mennen pwosè sa a.
Kontinyasyon pwosè a prevwa pou maten lendi 16 novanm nan
Apre demann depò sa a ki te bloke dewoulman nòmal deba sou fon dosye a vandredi, tribinal la te deside mete afè a an kontinyasyon. Daprè sa komisè gouvènman an ak avoka defans yo te anonse apre odyans lan, pwosè a prevwa kontinye maten lendi 16 novanm 2026 la pou tribinal la estatye sou ministè piblik la ak demand avoka yo epi deside sou swit pwosedi a.
An atandan, tout akize yo te retounen nan detansyon vandredi menm, malgre divès demann liberasyon pwovizwa defans lan te deja entwodui nan mwa anvan yo pou rezon sante.
Rapèl sou yon dosye ki kòmanse depi janvye 2025
Afè sa a te kòmanse nan mwa janvye 2025 apre yon ankèt apwofondi Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ) te mennen sou koneksyon prezime ant kèk aktè politik ak krim òganize. Nan kad ankèt sa a, lapolis te mete men sou plizyè pèsonalite :
- Magalie Habitant te arete jedi 9 janvye 2025 nan zòn Laboul.
- Prophane Victor, ki te deja sou lis sanksyon Nasyonzini pou lyen li ak gang « Gran Grif » nan Savien, te entèpele 12 janvye 2025 nan Vivy Mitchell (Petyonvil).
- Élionor Dévallon te arete 30 janvye 2025 nan Bwa Patat.
Apre plizyè mwa enstriksyon, jij enstriktè Benjamin Félismé te rann òdonans li madi 9 desanm 2025, kote li te voye akize yo devan tribinal kriminèl san asistans jiri pou akizasyon grav tankou asosyasyon malfektè, finansman gang ame, ak konplisite nan zak teworis. Malgre avoka defans yo te fè apèl kont desizyon sa a, Kou dapèl Pòtoprens te konfime òdonans renvwa a madi 21 jiyè 2026 la, sa ki te louvri pòt pou pwosè ki kòmanse nan mwa novanm sa a.
Bernado JOSEPH, Centre à la UNE!