Nan dat 31 oktòb 2026 la, Ayiti make 107 ane depi asasina Charlemagne Péralte, youn nan prensipal figi rezistans kont okipasyon ameriken an (1915-1934). Evènman sa a rete yon chapit enpòtan nan listwa politik ak sosyal peyi a, sitou nan rapò ant peyizan yo ak pouvwa okipasyon an.
Yon rezistans nan kontèks okipasyon an
Twoup ameriken te debake ann Ayiti nan dat 28 jiyè 1915, nan yon kontèks gwo kriz politik. Okipasyon an te pote transfòmasyon nan administrasyon peyi a, nan fòs ame yo ak nan lavi ekonomik popilasyon an. Pami mezi ki te pwovoke mekontantman te gen sistèm travay fòse ki te rele kòve, kote peyizan te oblije patisipe nan konstriksyon ak antretyen wout. Se nan kontèks sa a mouvman Kako yo te devlope kòm yon fòs rezistans kont prezans militè ameriken an. Istoryen Matthew J. Smith, nan etid li « Overpowered: Control and Contingence in Haiti » (2017), analize fason mouvman sa a te òganize epi fason otorite okipasyon yo te prezante konbatan yo kòm bandi.
Chalmay Péralte, yon chèf rezistans
Péralte te fèt nan Ench nan ane 1885. Li te gen eksperyans nan administrasyon militè peyi a anvan li te vin youn nan prensipal chèf mouvman Kako yo. Li te rasanble peyizan ak lòt konbatan ki te opoze ak okipasyon an, pandan yo t ap itilize taktik geriya nan zòn riral yo. Liv Charlemagne Péralte le Caco: 1918-1919 (1982), istoryen Roger Gaillard, rete youn nan referans enpòtan sou lavi chèf rezistans lan ak òganizasyon mouvman an. Yon lòt dokiman enpòtan se lèt Péralte te voye bay minis Lafrans ann Ayiti, 27 jiyè 1919. Lèt sa a te pibliye nan jounal Conjonction, nimewo 115, an 1971. Li pèmèt nou apwoche pozisyon Péralte atravè pwòp pawòl li.
Asasina 31 oktòb 1919 la
Nan lannwit 31 oktòb 1919 la, yon operasyon militè ameriken te vize kan Péralte nan zòn Grand-Rivière-du-Nord, nan depatman Nò a. Sèjan Herman H. Hanneken ak lòt militè te rive antre nan kan an grasa yon operasyon enfiltrasyon kote yo te degize tèt yo, men tou ak sipò Jean-Baptiste konze ki te trèt nasyonalis la. Péralte te asasinen pandan operasyon an. Lanmò li pa t mete yon fen imedyat nan rezistans lan. Benoît Batraville te pran relèv nan mouvman an, epi konba kont okipasyon an te kontinye. Nan liv Haiti Fights Back: The Life and Legacy of Charlemagne Péralte (2021), istoryen Yveline Alexis retounen sou eritaj Péralte, rezistans peyizan yo ak wòl diferan aktè nan mouvman an.
Yon memwa ki mande dokimantasyon
107 ane apre asasina Chalmay Péralte, memwa li rete prezan nan istwa rezistans ayisyen an. Men, komemorasyon an pa dwe limite ak rapèl yon dat. Li dwe ankouraje konsèvasyon achiv, rechèch istorik ak transmisyon dokiman bay nouvo jenerasyon yo. Nan yon atik ki te parèt nan Haiti Liberté, 23 jiyè 2025, sou tit « Chalmay Peralt », laprès an kreyòl te kontribye nan kontinye fè istwa chèf Kako a sikile nan espas piblik la. Pou laprès ekri, travay memwa a mande presizyon, konparezon sous ak respè pou reyalite istorik yo. Kesyon sou okipasyon an, mouvman Kako yo ak konsekans asasina Péralte a merite kontinye jwenn plas yo nan rechèch ak nan deba piblik.
107 ane aprè, dokimante istwa Chalmay Péralte rete yon fason pou konsève yon chapit enpòtan nan memwa kolektif peyi Ayiti.
Bernado JOSEPH ,
Communicateur, relationnsite, étudiant mémorant en Droit, Journaliste