Chak 28 Oktòb, kominote entènasyonal la ap fete Jounen entènasyonal lang ak Kilti Kreyòl, ki reprezante an Ayiti moman ki pi enpòtan nan Mwa Kilti a. Malgre empak dimansyon fèt lejitim sa, Nou dwe konnen ke dat sa se yon gwo revandikasyon sosyopolitik ,lingistik ak syantifik. Li enpoze tèt li kòm yon espas ki nesesè pou nou dekonstrwi, tout prejije akademik glotofòb ki peze sou Kreyòl Ayisyen an depi lè li te fèt.
Pandan plizyè syèk, naratif ewosantrik yo te kalifye lang sa a kòm yon « dega senkronik », yon kòripsyon oswa yon senp « patwa » ki soumèt anba franse an. Yon pèsepsyon ki te fonksyone yon zam pou yo te domine nou kiltirèmanl ak ekskli nou sosyalman ak lengwistikman nan listwa. Jou 28 Oktob lan, lengwistik kontanporen ak kreyolis mete mit sa yo atè, e demontre souvrènte ak otonomi sistematik lang Kreyòl Ayisyen an.


Nan domèn lengwistik, li etabli kounye a ke Kreyòl Ayisyen an pa fèt akòz yon swadizan enkapasite popilasyon sila te genyen pou yo repwodui franse a men se te yon zouti resistans ak inifikasyon. Li se fwi yon pwosesis konplèks ki chita sou releksifikasyon ak restriktirasyon gramatikal: si leksik li soti nan pi gwo pati nan franse a, estrikti pwofon li — sentaks li, mofoloji li ak semantik li — te fòme anba soutra lang ki nan fanmi nijè-kongo yo, tankou fon, ewe ak yorouba, lingala,kikongo.
Jan pwofesè Michel DeGraff (MIT) ap soulinye sa pou denonse « eksepsyonalis kreyòl la », pwosesis akizisyon kreyòl la sanble nan tout pwen ak sa ki fèt nan nenpòt lòt lang imen. Paske poze lide kreyòl la se yon franse ki tòde se yon zam pou detwi kapasite rezistans ak kominikasyon Ayisyen kòkm Pèp souvren, paske pa gen okenn yon pwen de vi syantifik ke afime franse a se pa t rès yon laten yo mal pale.
Klasifikasyon kreyòl la kòm yon lang otonòm chita sou kritè syantifik moun pa ka diskite: Lang sila gen yon detèminasyon, li gen yon istwa,li gen alfabè, li gen yon sistèm vèbal ki estriktire ak makè tan endepandan, e li gen kowonfòmasyon fonolojik pa l. Lengwis Yves Dejean te raple sa ak anpil fòs: Ayiti se yon peyi ki omojèn nan nivo lengwistik, epi kreyòl la gen tout kapasite konsèpetyèl pou l vin sèl lang ansèyman, syans ak administrasyon piblik.


Malgre Konstitisyon 1987 la te rekonèt kreyòl la kòm lang ofisyèl ansanm ak franse, glotofobi ki anrasinen nan enstitisyon yo ap mete gwo baryè toujou. Enpoze yon lang etranje kòm sèl filtè nan edikasyon fonksyone tankou yon mekanis eksklizyon. Fè syans nan lang manman w se yon dwa imèn ki pa ka pran nan men w ak yon kondisyon ki nesesè pou devlopman souvren nasyon an.


Raole, selebre lang Kreyòl Ayisyen an la se yon zak rezistans epistemolojik. Kreyòl Ayisyen an se kòd kote yo te fòme abolisyon esklavaj an ak batay Vètyè ki te fèt 18 novanm 1803, ki te vin sele pou te bay endepandans peui an 1 janvier 1804. Rekonèt estati l se pa yon favè n ap fè l, men se aksepte listwa ak reyalite syantifik ak kiltirèl: kreyòl la se matris ki lye an pèmanans ak idantite karibeyen an, se yon lang otonòm ki merite okipe tout espas konesans inivèsèl la.

— Annavialice M. Casimir
Analis Politik, espesyalis nan Kominikasyon Politik, Chèchè nan kesyon souvrènte lengwistik, kiltirèl ak sosyopolitik Ayisyen.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...