Ann Ayiti, nou rive nan yon sitiyasyon kote nou pi fasil konte kandida pase nou konte sitwayen ki kapab egzèse dwa yo pou vote nan sekirite. Dapre enfòmasyon Corvington Matin pibliye 16 novanm 2026, 33 moun enskri pou prezidans, 534 pou Sena, 1 853 pou Chanm Depite, san konte plizyè milye kandidati pou kolektivite teritoryal yo. Men dèyè kantite sa yo, gen yon reyalite politik ak sosyal nou pa kapab inyore: gang ame yo kontinye menase plizyè pati nan teritwa nasyonal la, anpil fanmi oblije abandone kay yo, epi enstitisyon Leta yo toujou ap lite pou garanti sekirite popilasyon an. Nan kondisyon sa yo, èske kantite kandida kapab sèvi kòm prèv demokrasi ap reprann souf? Èske enskripsyon yon kandida vle di yon sitwayen nan Matisan, Kafou, Mibalè oswa lòt zòn ki afekte ak vyolans kapab ale vote lib? Nou genyen kandida pou dirije yon peyi kote anpil sitwayen poko menm kapab viv an sekirite. Nou genyen kalandriye elektoral, men nou poko genyen garanti pou tout elektè kapab patisipe. Se tankou yon moun ki prese anonse dat inogirasyon yon kay pandan fondasyon li toujou ap tranble. Sa pa vle di eleksyon pa nesesè, ni nou dwe kontinye ak yon tranzisyon san fen. Okontrè, Ayiti bezwen retounen nan lòd konstitisyonèl la. Men yon eleksyon pa kapab sèvi kòm yon senp seremoni pou bay yon nouvo gwoup moun pouvwa pandan kondisyon ki fè demokrasi posib yo rete frajil. Paske demokrasi pa mezire ak kantite moun ki vle pran pouvwa, men ak kapasite pèp la pou chwazi moun ki pral egzèse pouvwa a.

Sa ki merite plis refleksyon toujou, se kontradiksyon ant prese kèk aktè politik genyen pou antre nan eleksyon ak difikilte Leta genyen pou retabli kondisyon ki ta dwe pèmèt eleksyon sa yo fèt. Pandan kandida ap prepare dosye yo, ki garanti ki genyen pou deplase yo jwenn aksè ak biwo vòt? Ki dispozisyon ki prevwa pou sekirize sant elektoral yo, pwoteje ajan elektoral yo, garanti libète kanpay yo epi anpeche gwoup ame enfliyanse patisipasyon sitwayen yo? Ki jan yon eleksyon kapab genyen tout lejitimite li si yon pati nan popilasyon an pa kapab patisipe akoz laperèz, deplasman oswa absans sèvis piblik? Pi gwo danje a se pa sèlman pou eleksyon yo pa fèt, men pou yo fèt nan kondisyon ki kapab pwodui yon lòt kriz lejitimite. Pandan plizyè ane, tranzisyon politik yo kontinye pwolonje, pandan pwomès retou nan demokrasi a ap repete san popilasyon an jwenn estabilite li bezwen an. Men solisyon an pa kapab senpleman ranplase yon gouvènman ki pa soti nan eleksyon ak yon lòt pouvwa ki soti nan yon pwosesis kote dwa elektè yo pa jwenn bon jan garanti. Nou bezwen sekirite, yon administrasyon elektoral ki kredib, transparans, kontwòl ak yon angajman klè pou tout sitwayen ki gen dwa vote kapab fè sa. Paske yon eleksyon kote kandida yo lib pou enskri, men kote elektè yo pa lib pou vote, se yon demokrasi ki riske egziste sou papye sèlman. Ayiti pa manke moun ki vle prezidan, senatè oswa depite. Sa ki rete pou konstwi, se kondisyon pou pèp la kapab chwazi reprezantan li yo san menas. Epi se la kestyon fondamantal la chita: èske nou ap prepare yon eleksyon pou remèt pouvwa bay pèp la, oswa èske nou ap prepare yon lòt fason pou bay pouvwa a yon nouvo figi san nou pa rezoud kriz ki anpeche pèp la egzèse souverènte li?

Jean Launy AVRIL
Editoryalis, Centre à la UNE

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif.
Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE".

Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar