Nan kad Asiz Fòs Viv Sosyete Sivil Depatman Sant lan, ki dewoule soti 1ye pou rive 15 novanm 2026, nan Buckingham Château, Guest House Kòporan, nan Mibalè, plizyè sektè nan sosyete a tankou FORISOC, MISOPARE, MD, MNREH adopte yon seri pwopozisyon politik pou kontribye nan rechèch yon solisyon dirab pou kriz peyi a.

Nan yon rapò ki soti nan rankont sa yo, estrikti FORISOC/FONSOC fè konnen, apre diskisyon ak konfwontasyon lide ant diferan sektè sosyal, ekonomik ak politik, patisipan yo idantifye mizè, chomaj, ensekirite, move jesyon zafè piblik ak move gouvènans pami prensipal pwoblèm k ap boulvèse sosyete ayisyen an.

Dokiman an mete aksan tou sou deplasman fòse sitwayen nan Mibalè ak Sodo, yon sitiyasyon ki, dapre rapò a, kontribye nan izòlman lòt komin nan depatman an.

Pami prensipal rezolisyon patisipan yo adopte, genyen pwopozisyon pou mete sou pye yon egzekitif ki gen de tèt, ki ta gen ladan l yon Prezidan kòm chèf Leta ak yon Premye Minis kòm chèf gouvènman an.

Anplis, yo pwopoze kreyasyon yon mekanis espesyal ki ta gen responsablite siveye aksyon gouvènman an epi asire swivi travay li.

Pou patisipan yo, demach sa a ta dwe mennen nan yon akò politik ki defini modalite fonksyònman nouvo otorite yo. Objektif la se garanti sekirite popilasyon an, avèk kolaborasyon fòs nasyonal ak etranje, ranfòse relasyon diplomatik Ayiti ak lòt peyi epi kreye kondisyon pou òganize eleksyon lib, onèt ak demokratik nan yon klima kalm, nan yon delè kout.

Inisyativ la rasanble divès kategori aktè nan sosyete a, tankou reprezantan sektè komès ak endistri, avoka, òganizasyon peyizan, òganizasyon fanm ak jèn, relijye, medya, jounalis, edikatè, inivèsitè, pwofesyonèl, atizan, ouvriye, chofè ak lòt gwoup sosyal, ekonomik ak politik.

Nan dokiman an, Edouard Embroise prezante kòm kowòdonatè, pandan Flerinord Noël, Techelet Dimanche ak Jean Venel Desgraves site kòm manm.

Rapò a, ki pote dat 15 novanm 2026, nan depatman Sant, prezante demach FORISOC/FONSOC la kòm yon inisyativ k ap chèche patisipe aktivman nan rechèch yon solisyon politik dirab pou kriz ayisyen an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a.

Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo.

Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann.

Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841