Mèkredi 11 novanm 2026 la make egzakteman 2 lane depi Alix Didier Fils-Aimé te rive nan tèt Primati a. Li te ranplase Garry Conille akoz gwo pwoblèm politik ant Primati a ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an. Prensipal misyon Fils-Aimé a se te «fini ak ensekirite a, aplike yon politik ki ta dwe mennen nan òganizasyon eleksyon jeneral, lib, onèt ak kredib, yon fason pou pèmèt retou lòd konstitisyonèl la ann Ayiti».
Premye Minis Fils-Aimé te genyen tou kòm obligasyon relanse ekonomi an ann Ayiti, konbat ensekirite alimantè, reponn ak bezwen chak jou popilasyon an epi kolabore ak kominote entènasyonal la, sitou Etazini, ki te mande KPT a ak Fils-Aimé pou prezante yon plan aksyon ansanm.
Konsta yo klè: aprè 2 lane depi li nan tèt gouvènman an, pm Alix Didier Fils-Aimé pa reponn ak okenn nan prensipal atant popilasyon ayisyèn nan, sitou sou kesyon sekirite ak eleksyon, ki se 2 pi gwo obligasyon li te genyen kòm chèf gouvènman KPT a, ki vin tounen yon tranzisyon monosefal depi 7 fevriye 2026, dat ki make fen manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.
Olye pwoblèm ensekirite a rezoud, sou gouvènman Fils-Aimé a, bandi yo sanble vin pi puisan. Yo kontinye fè masak sou popilasyon sivil la pasi pala, mete sitwayen deyò lakay yo avèk fòs pou pran kontwòl teritwa, kraze epi boule komisarya, lekòl, lopital ak kay malere yo, ansanm ak anpil lòt zak kriminèl.
Men yon apèsi sou kwonoloji ensekirite a pandan 2 lane gouvènans Fils-Aimé a.
Novanm 2024: Bandi yo atake plizyè zòn nan Dèlma (Dèlma 17 ak Dèlma 30), yo atake Boudon ak Petyonvil, kote yo asasinen plizyè moun.
Desanm 2024: Bandi yo fè yon masak nan Waf Jeremi, nan Site Solèy. Gen anviwon 184 moun ki mouri asasinen.
Soti 27 janvye rive mas 2025: Bandi yo atake anviwon 10 lokalite nan komin Kenskòf, kote yo asasinen prèske 300 malere ak malerèz. Yo atake Kafou Fèy ak anpil lòt zòn nan komin Kwadèboukè yo pa t ko pran, epi yo atake komin Taba tou.
Ant fen mas ak avril 2025: Bandi yo pran Mibalè, Sodo ak Lachapèl, nan depatman Latibonit. Yo asasinen anpil moun, vòlè tout sa yo jwenn, boule epi kraze komisarya, kay ak lòt byen sitwayen yo. Yo libere plis pase 500 prizonye ki te nan prizon Mibalè a.
Ant mas ak jen 2025: Bandi yo atake Gantye ak Fon Parizyen.
Ant avril ak jen 2025: Bandi yo atake blòk Ba-Latibonit la (Ti Rivyè, Vèrèt, Lyankou, Lestè, Senmak, Desalin, Gwo Mòn ak Monri). Se vre yo pa rive mete tout zòn sa yo anba kontwòl yo, men sa pa anpeche yo asasinen anpil moun, boule oswa kraze komisarya, kay ak lòt byen sitwayen yo.
Ant jiyè ak septanm 2025: Bandi yo pran kontwòl plis pase 16 zòn nan komin Kafou ak Gresye.
Ant 7 ak 11 septanm 2025: Bandi yo atake Kabarè, Labodri ak Bèsi, ki nan Akayè. Yo asasinen anviwon 50 moun, boule plis pase 80 kay ak machin.
Ant novanm ak desanm 2025: Bandi yo atake Bèsi sou komin Akayè ak Ponsonde, kote yo asasinen plis pase 40 moun. Yo atake tou, yon lòt fwa ankò, Lyankou, Ti Rivyè, Vèrèt, Lestè ak Monri, nan depatman Latibonit. Yo asasinen anpil moun, boule kay ak lòt byen malere yo.
Fen mas 2026: Bandi yo atake Jandeni ak Ti Rivyè, nan depatman Latibonit, kote yo asasinen anviwon 70 sitwayen, boule epi kraze kay ak biznis.
Lendi 13 pou rive madi 14 avril 2026: Bandi yo anvayi komisarya Segen an. Anviwon 14 polisye ki te la kouri, sa ki te kite fòs otodefans lokal la pou kont li ap reziste fas ak bandi yo. Bandi yo fizye 7 manm fòs otodefans lan, epi yo touye 2 lòt moun sou wout yo. Yo boule plizyè machin nan sou-komisarya Segen an ansanm ak lokal la.
Ant avril ak jiyè 2026: Bandi yo vin pi aktif nan depatman Lwès, Latibonit, Sant, Sid ak divès lòt zòn ki konekte diferan depatman yo ann Ayiti. Yo pran lòt zòn, asasinen moun epi boule byen malerèz ak malere yo.
Nou pa dwe bliye, anba gouvènans Alix Didier Fils-Aimé a, ki jwenn sipò entènasyonal, tankou Etazini, Lafrans, Kanada ak Inyon Ewopeyen an, vandredi 3 jiyè 2026, Mario Arthur, yon chofè anjen lou ki te konn ede PNH nan operasyon kont gwoup ame yo nan depatman Latibonit, mouri asasinen Gonayiv anba men bandi yo. Anvan li mouri, yo fòse l manje pwòp zòrèy li. Nou te wè krim sa a nan yon videyo.
23 dawout 2026: Bandi yo atake Kenskòf ankò. Yo asasinen plis pase 100 moun, kidnape anpil lòt epi mete dife nan byen popilasyon an.
5 septanm 2026: Esther Thomas, alyas Nice B, prezante yon videyo kote li menm ak Duclona Carlens, alyas Enspektè Tèt Kale, ap rache yon jèn fi, epi yo pibliye videyo a sou rezo sosyal yo. Nice B, nan yon lòt videyo, mande Leta ayisyen an ak tout moun ki estomake akoz krim nan pou yo vin pran li nan baz gang kote li ye a.
Madi 15 septanm 2026: Yon atak ame bandi yo lanse nan komin Sen Michèl de Latalay lakòz anviwon 3 moun mouri ak anpil lòt blese nan yon mache ki rele Nanpaul. Sitiyasyon sa a simen panik nan zòn nan epi pouse anpil moun kouri kite kay yo.
Lendi 28 septanm 2026: Bandi ame yo asasinen 11 moun nan lokalite Krepen, nan komin Gwomòn, nan depatman Latibonit.
Ant samdi 31 oktòb ak lendi 2 novanm 2026: Bandi nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm lanse yon lòt gwo atak kont Akayè, kote yo asasinen anviwon 16 sitwayen ak yon manm fòs otodefans lan.
Selon done BINUH ak Nasyonzini prezante, anba gouvènans Fils-Aimé, se plis pase 10 000 moun ki asasinen anba ensekirite jeneralize a ant janvye 2025 ak septanm 2026.
Ant 11 novanm 2024 ak 11 novanm 2026, plis pase 40 polisye ayisyen pèdi lavi yo nan vyolans ak atak ame. Men lis non yo ak dat yo te mouri:
Jeff Petit-Dieu — 13 novanm 2024, Daniel Renaud — 24 desanm 2024, Jean Roody Vilmond — 5 janvye 2025, Jeffton Salomon — 19 janvye 2025, Harold Theodore — 27 janvye 2025, Fils Emmanuel Thomas — 12 fevriye 2025, John Peter Schneider Saint-Felix — 17 fevriye 2025, Steeve Emmanuel Laguerre — 19 fevriye 2025, Kervens Billy — 20 fevriye 2025, Garry Junior Luma — 8 avril 2025, Rony Jose — 9 avril 2025, Job Sulmond — 9 avril 2025, Junior Saintilus — 29 me 2025, Gregory Leblanc — 15 jen 2025, Richenord Descoubeth — 21 pou rive 22 jen 2025, Eliov Marcelin — 5 jiyè 2025, Olrich Joseph — 5 jiyè 2025, Pierre Juste Villard — 19 jiyè 2025, Jean Louis Daniel — 22 jiyè 2025, Darius Daniel — 22 jiyè 2025, Fegensly Mertus — 22 jiyè 2025, Mackly Ritchy Alexis — 25 jiyè 2025, Marquès Philocles — 29 jiyè 2025, Guy Rurley Bathalien — 11 out 2025, Jean Guerby Toussaint — 13 out 2025, Max Youry Sainte-Rose — 13 out 2025, Thelusma Dervilien — 9 septanm 2025, Rivalcey Abner — 18 oktòb 2025, Rodler Blaise — 28 pou rive 29 oktòb 2025, Wadley Jeune — 14 novanm 2025, Josué Saintima — 17 novanm 2025, Richard Jean-Louis — 18 novanm 2025, Jackson Petit-Maître — 25 novanm 2025, Daphney Similien — 26 novanm 2025, Schneider Louis — 20 janvye 2026, Junior Dorélus — 23 fevriye 2026, Isreno Étienne — 23 fevriye 2026, Pierre Emmanuel Germain — 29 me 2026, Richecarde Casimir — 29 me 2026, Schneider Hilaire — 29 me 2026.
Dosye kontra Premye Minis Fils-Aimé te siyen pou mete fen nan ensekirite a, men ki poko pote okenn rezilta konkrè pou popilasyon ayisyèn nan:
Nan mwa mas 2025, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé siyen yon kontra ak Windward Wyoming LLC pou 52 milyon dola ameriken, pou yon dire 1 lane. Objektif kontra sa a se bay PNH la sipò taktik, teknik ak operasyonèl.
Ant mwa jen ak jiyè 2025, sou gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, Leta ayisyen siyen yon pwojè kontra ak konpayi ameriken Security Partners LLC. Objektif li se mete plizyè ansyen militè ameriken an sipò PNH ak FAd’H pou konbat gang ame yo. Montan kontra sa a pa piblik.
Nan mwa dawout 2025, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé siyen yon kontra ak konpayi Vectus Global, ki asosye ak Erik Prince, pou plis pase 52 milyon dola ameriken chak ane, pandan 10 lane, nan objektif pou sòlda yo pote sipò operasyonèl bay PNH nan batay kont gang yo.
Nan dat 4 fevriye 2026, toujou sou gouvènman Premye Minis Fils-Aimé, Leta ayisyen siyen yon kontra ak Consortium Evergreen nan objektif pou modènize ladwàn ak imigrasyon, pou yon montan 542.6 milyon dola ameriken sou 10 lane. Kontra a te prevwa 3 elikoptè, 6 bato rapid, 20 machin taktik, sistèm siveyans ak dròn, ansanm ak sekirizasyon fwontyè yo.
Aprè 2 lane nan tèt Primati, malgre pm Fils-Aimé siyen anpil gwo kontra, sa pa pote okenn rezilta konkrè pou peyi a. Okontrè, sitiyasyon sosyo-ekonomik popilasyon an kontinye ap deteryore. Sou plan sekirite, se Prezidan El Salvador la, Nayib Bukele, k ap ede Ayiti nan batay kont ensekirite a.
Finalman, anplis de pwoblèm ensekirite a pm Fils-Aimé pa janm rive sekwe reyèlman, men jiskaprezan peyi a pa ko janm konnen reyèlman kilè ap genyen eleksyon nan peyi a, byenke KEP anonse 1e ak 2èm tou eleksyon yo pou 18 jiyè ak 4 oktòb 2027.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE