Yon ekip espesyal Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), ki espesyalize nan operasyon ak dròn epi ki jwenn sipò militè salvadoryen yo, detwi yon kay yon gwo chèf gang ann Ayiti te konn itilize byen bonè dimanch 8 novanm 2026 la. Plizyè nèg ak zam ki te anndan kay la pèdi lavi yo. Se plizyè sous ki konfime enfòmasyon sa a.
Operasyon an te vize Wilson Joseph, alyas « Lanmò San Jou », chèf gang 400 Mawozo a. Aksyon sa a se dènye operasyon ki antre nan kad kanpay fòs sekirite yo ap entansifye pou reprann kontwòl kapital peyi a, Pòtoprens, anba men kowalisyon gang Viv Ansanm nan, ki kontinye simen laterè nan mitan popilasyon an.
Se anviwon 2:30 nan maten dimanch la ekip espesyal la te lanse atak sou kay la. Ekip sa a itilize dròn ki pote eksplozif, se ajan lapolis ayisyen ki pilote yo, avèk sipò konpayi sekirite prive.
Pandan manm ekip espesyal la t ap mennen operasyon sou tè a anndan zòn gang yo kontwole a, kat elikoptè te bay sipò ayeryen. Dapre yon sous ki gen konesans sou operasyon an, ekip espesyal la te opere de nan elikoptè yo, pandan militè salvadoryen yo te itilize de lòt yo.
Nan moman atak la, Wilson Joseph pa t anndan kay la, malgre fòs sekirite yo te deja mete rezidans lan sou siveyans. Sepandan, de sous fè konnen te gen plizyè nèg ak zam anndan kay la, petèt jiska 20 moun, ki mouri nan atak la.
Kay la te sanble se yon konstriksyon ki te fèt pandan dènye ane a. Li te genyen yon pisin deyò ak yon lòt pisin anndan kay la. Yon verifikasyon sou Google Maps montre anvan konstriksyon sa a te fèt, te gen yon kay ki te pi piti nan menm anplasman an.
Jiskaprezan, li pa klè si Wilson Joseph te pwopriyetè kay la oswa si li te pran kay la anba men pwopriyetè li, jan sa konn fèt souvan ak chèf gang ann Ayiti yo. Gwoup ame sa yo kontwole gwo espas nan depatman Lwès la, kote Pòtoprens ye a, ansanm ak plizyè zòn nan depatman Latibonit ak Plato Santral.
Atak sa a fèt kèk jou sèlman apre lanmò yon lòt gwo chèf gang, Mathias Saintil, alyas Mathias, ki te alatèt gang Boston an. Li te mouri apre yon atak dròn nan bidonvil Site Solèy, nan Pòtoprens.
Jedi 5 novanm nan, se pa mwens pase sèt dròn ki te deplwaye nan plizyè baz gang. Operasyon sa yo lakòz lanmò plizyè manm gang ak sivil nan kapital la ak nan zòn ki toupre li.
Se dezyèm fwa ekip espesyal la detwi yon kay ki asosye ak yon gwo chèf gang. Ekip sa a fonksyone anba sipèvizyon biwo Premye Minis la epi li jwenn sipò konpayi sekirite prive Vectus Global, yon antrepriz ansyen manm inite espesyal marin ameriken an, Erik Prince, te fonde. Erik Prince se moun ki te fonde konpayi sekirite Blackwater la tou.
Nan mwa janvye, ekip espesyal la te fè eksploze omwen de kay ki te pou Jimmy Chérizier, alyas Barbecue, yon ansyen polisye ki vin tounen chèf gang e ki gen gwo enfliyans nan kowalisyon Viv Ansanm nan. Menm jan ak Wilson Joseph, Barbecue pa t lakay li nan moman atak la.
RUBIO ENSISTE POU CHENN KÒMANDMAN AN BYEN KLÈ
Atak dimanch la kont gang 400 Mawozo a reprezante yon gwo entansifikasyon nan kanpay fòs sekirite yo ap mennen kont gwoup ame kriminèl ann Ayiti.
Operasyon sa yo vin pi entans depi 18 oktòb pase a, apre kat teknisyen avyasyon salvadoryen ki te deplwaye ann Ayiti nan kad Fòs pou Eliminasyon Gang yo (GSF), yon fòs Konsèy Sekirite Nasyonzini otorize, te tonbe nan yon anbiskad nan yon zòn gang kontwole.
Dapre plizyè sous, se manm gang Chen Mechan an ki te reyalize anbiskad la, avèk ranfò manm gang 400 Mawozo a. Depi lè sa a, pèsonn poko tande pale de kat teknisyen yo.
Disparisyon kat sitwayen salvadoryen sa yo pouse prezidan peyi El Salvador la, Nayib Bukele, deplwaye anviwon 2 500 militè ann Ayiti. Li prezante deplwaman sa a kòm yon misyon rechèch ak sekou pou jwenn teknisyen ki disparèt yo.
Dimanch 8 novanm nan, sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, fè jounalis yo konnen El Salvador ap bay pwòp sipò ayeryen li epi misyon li a ap dewoule apa misyon entènasyonal kont gang Washington soutni an.
Dapre Marco Rubio, prezans militè salvadoryen yo ann Ayiti antre nan kad yon akò bilateral ant El Salvador ak otorite ayisyen yo, pou fè operasyon kont gang ki te kidnape sòlda salvadoryen ki te deja sou teren an.
Sekretè Deta ameriken an te fè deklarasyon sa yo devan jounalis nan baz rezèv ayeryen Homestead la, nan Florid.
Marco Rubio fè konnen Nayib Bukele te rele prezidan ameriken Donald Trump pou mete l okouran de desizyon li pran an. Dapre li, Donald Trump te konprann rezon ki fè prezidan salvadoryen an te aji konsa. Sepandan, li presize Etazini pa patisipe dirèkteman nan operasyon sa a.
Li fè konnen pi fò nan militè salvadoryen ki ann Ayiti yo pa anba estrikti kòmandman GSF la. Olye sa, yo resevwa lòd dirèkteman nan men pwòp kòmandan salvadoryen yo ki sou teren an.
Sitiyasyon sa a rann anviwònman sekirite a pi konplike, sitou anrapò ak kowòdinasyon operasyon yo ak limit egzak misyon militè salvadoryen yo ann Ayiti.
Marco Rubio fè konnen Etazini deja fè konnen enkyetid li genyen sou nesesite pou gen yon chenn kòmandman ki byen defini, yon fason pou prezans militè salvadoryen yo pa vin febli misyon fòs entènasyonal yo.
Li eksplike pozisyon Washington nan pa yon kritik kont El Salvador, men se yon obsèvasyon sou nesesite pou tout fòs ki sou teren an kapab kowòdone aksyon yo.
Dapre li, li enpòtan pou gen yon mekanis ki pèmèt fòs yo evite konfli youn ak lòt. Li avèti li pa dwe rive pou sòlda Fòs pou Eliminasyon Gang yo (GSF) rankontre militè salvadoryen yo sou teren an epi youn tire sou lòt paske yo konfonn kanmarad yo ak manm gang.
Pou evite yon sitiyasyon konsa, li ensiste sou nesesite pou gen yon bon mekanis kowòdinasyon ak kominikasyon ant diferan fòs yo.
Nan dènye jou sa yo, Premye Minis ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, mete sou pye yon selil kowòdinasyon anba sipèvizyon li, pou ede mete ansanm operasyon senk diferan fòs k ap patisipe nan batay kont gang yo. Pami fòs sa yo gen ti fòs militè ayisyen an tou.
Akòz plizyè operasyon k ap dewoule an menm tan, Fòs pou Eliminasyon Gang yo (GSF) oblije pran dispozisyon espesyal pandan operasyon li yo sou tè a pou evite entèferans ak atak dròn yo.
Operasyon dròn sa yo kontinye soulve gwo enkyetid bò kote òganizasyon k ap defann dwa moun ak nan Nasyonzini, sitou akoz kantite sivil ki pèdi lavi yo.
Semèn pase a, plizyè sivil te mouri nan yon atak dròn ki te lakòz lanmò yon lòt gwo chèf gang ak plizyè manm gang Boston an nan bidonvil Site Solèy, nan Pòtoprens.
LANMÒ SAN JOU MANDE NEGOZYASYON AK OTORITE YO
Nan kontèks operasyon sekirite yo k ap vin pi entans, Wilson Joseph, alyas Lanmò San Jou, fè yon demach bò kote Nasyonzini ak kèk enstitisyon ayisyen, tankou Komisyon Nasyonal pou Dezameman, Demantèlman ak Reyentegrasyon (CNDDR), pou mande negosyasyon.
Nan demann li a, li pwopoze 18 novanm, dat Ayiti selebre anivèsè istorik Batay Vètyè a, kòm yon moman pou louvri dyalòg.
Wilson Joseph fè konnen demann sa a pa vle di li rann tèt li, men se yon aksyon li prezante kòm yon jès responsablite patriyotik.
Nan dènye lèt li voye a, chèf gang 400 Mawozo a fè konnen avni Ayiti pa kapab chita sèlman sou konfwontasyon ak operasyon militè. Dapre li, peyi a bezwen estabilite, rekonsilyasyon, sekirite pou popilasyon an ak yon vrè posiblite pou devlopman dirab.
Sous: Jacqueline Charles, Miami Herald. Atik la pibliye 9 novanm 2026.