Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, fè konnen Etazini ap travay pou fasilite demach Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, ap antreprann pou jwenn kat sitwayen peyi li yo gang ann Ayiti kidnape yo. Objektif la, dapre li, se pèmèt Salvadoryen yo jwenn liberasyon yo san operasyon an pa lakòz yon gwo konfwontasyon ant diferan fòs sekirite ki prezan nan peyi a.

Nan deklarasyon li fè yo, Marco Rubio presize li te pale dirèkteman ak Prezidan Nayib Bukele pou mete l okouran demach Etazini ap antreprann yo. Li fè konnen prezidan salvadoryen an te konprann pozisyon Washington nan dosye sa a.

« Nou pa patisipe dirèkteman. Sa nou pa kapab kite rive, se pou fòs k ap konbat gang yo ta kwaze ak sòlda salvadoryen yo epi youn ta tire sou lòt, paske yo ta pran lòt la pou manm gang », se sa Marco Rubio eksplike.

Chèf diplomasi ameriken an ensiste sou nesesite pou genyen yon mekanis dekonfli ak yon bon kowòdinasyon ant tout fòs ki enplike yo, yon fason pou evite nenpòt malantandi ki ta kapab debouche sou yon echanj kout zam.

« Nou te fè yo konnen sa. Mwen pa panse sitiyasyon an oblije fini nan yon konfli », li ajoute.

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a.

Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo.

Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann.

Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841