Gouvènman El Salvador la voye yon nòt diplomatik bay Etazini pou konteste akizasyon Depatman Deta ameriken an konsènan operasyon militè sòlda salvadoryen yo ap mennen kont gang ann Ayiti. Se sa medya ameriken Axios revele nan yon atik li pibliye madi 10 novanm 2026.

Nan dokiman diplomatik li voye lendi 9 novanm nan, San Salvador prezante kat pwen pou demanti akizasyon Washington yo. Li rejte espesyalman deklarasyon ki fè konnen sòlda li yo te tire sou Anbasad Etazini nan Pòtoprens, mete lavi sòlda GSF yo an danje epi anrejistre twa viktim nan ran yo.

Konsènan ensidan kote bal te touche anbasad ameriken an nan dat 31 oktòb la, otorite salvadoryen yo fè konnen sòlda yo te gen do yo vire bay bilding lan epi yo t ap tire nan direksyon opoze. Yo rejte tou akizasyon ki fè konnen sòlda yo te tire sou pozisyon militè tchadyen yo pandan yon atak gang yo te lanse nan dat 3 novanm nan.

Gouvènman Nayib Bukele a soutni tou depi 26 oktòb, fòs lame li yo te deja kowòdone plizyè fwa itilizasyon mwayen ayeryen ak GSF la ansanm ak otorite ayisyen yo.

Sou kesyon twa sòlda ki ta viktim yo, El Salvador demanti enfòmasyon sa a kategorikman. Li akize David Howell, responsab diplomatik ameriken ann Ayiti a, dèske li t ap gaye enfòmasyon san prèv, sa ki mete kredibilite deklarasyon li yo an dout.

Tansyon diplomatik la te vin pi fò apre yon atak gang te lanse 31 oktòb sou yon konvwa senk machin blende salvadoryen toupre Anbasad Etazini nan Pòtoprens. Pandan echanj kout zam yo, bal te touche bilding anbasad la.

Nan dat 4 novanm, David Howell te voye yon mesaj bay Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou l denonse mank kowòdinasyon ant sòlda salvadoryen yo ak GSF la. Li te mande pou operasyon militè yo kanpe jiskaske gen yon pi bon mekanis kowòdinasyon, pandan li te avèti sou risk pou lavi sòlda GSF yo, sivil yo ak militè salvadoryen yo.

Nan yon nòt diplomatik ki te voye bay gouvènman Bukele a nan dat 5 novanm, Anbasad Etazini nan San Salvador te eksprime opozisyon li kont sa li konsidere kòm mank kowòdinasyon nan operasyon yo. Dapre dokiman Axios te konsilte a, Washington estime sitiyasyon an te mete sòlda GSF yo an danje epi bal sòlda salvadoryen yo te prèske touche pèsonèl ameriken nan anbasad la.

Yon responsab Depatman Deta ameriken konfime gen twa Salvadyoryen ki te blese, youn ladan yo te oblije kite Ayiti pou resevwa swen medikal espesyalize aletranje. Men, yon sous ki pwòch gouvènman El Salvador la bay Axios yon lòt eksplikasyon, li fè konnen sòlda a te deplase akoz mank enstalasyon medikal apwopriye ann Ayiti, pa paske blesi li te grav.

Malgre dezakò sa yo, Depatman Deta ameriken fè konnen li apresye kontribisyon El Salvador nan batay kont gang yo, men li ensiste sou nesesite pou tout operasyon sekirite yo byen kowòdone pou evite konfizyon ak echanj kout zam ant fòs alye yo.

Dapre Axios, Anbasadè ameriken an, David Howell, te ekri Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou denonse mank kowòdinasyon El Salvador ak GSF nan operasyon li yo ann Ayiti. Nan mesaj la, li fè konnen omwen twa moun te viktim, pa t gen plan medikal epi sòlda GSF yo te prèske sibi gwo danje. Li te mande pou operasyon yo kanpe jiskaske yon mekanis kowòdinasyon tabli. Bò kote pa li, El Salvador akize diplomat ameriken an dèske li t ap difize fo enfòmasyon.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a.

Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo.

Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann.

Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841