Nan yon piblikasyon li fè jedi 12 novanm 2026 la, prezidan brezilyen an, Luís Inácio Lula da Silva, deklare li pase anpil tan nan prizon akoz yon akizasyon ki te gen rapò ak yon kay yo te di li achte, men an reyalite ki pa t janm pou li, lajistis nan peyi brezil rekonèt sa. Lula fè konnen kounye a li espere moun ki te akize li yo ap gen menm volonte pou yo prezante eskiz, avèk menm vizibilite ak menm enpòtans yo te bay akizasyon yo.
Nan dat mèkredi 11 novanm 2026 la, Lajistis Federal nan Brazilya pran desizyon ki vize remèt bay konpayi OAS plis pase 2,42 milyon reyal (reais) ki soti nan vant piblik apatman Triplex la nan lane 2018. Jij Federal la konsidere apatman an te anrejistre sou non OAS, e non sou non Prezidan Lula, epi pa t gen okenn pwosè kriminèl ki jistifye lajistis dwe kenbe lajan ki te bloke a.
Yon jou aprè piblikasyon desizyon an, prezidan Lula k ap patisipe nan COP31 nan peyi Latiki, soti nan silans li sou dosye a epi retaji nan mo sa yo: «Mwen pase 580 jou nan prizon akoz yon akizasyon ki te gen rapò ak triplex Guarujá a, yon kay ki pa t janm pou mwen. Jistis la rekonèt sa. Kounye a, mwen espere moun ki te akize m yo ap gen menm volonte pou yo prezante eskiz, avèk menm vizibilite ak menm enpòtans yo te bay akizasyon yo.»
Nan kad piblikasyon sa a, prezidan Lula vle raple popilasyon an konsekans dosye Lava Jato a sou lavi politik li. Li vle tou fè medya yo rann kont sou fason yo te prezante akizasyon kont li yo. Finalman li vle mete aksan sou kondanasyon li yo ki te anile 8 mas 2021, lè Supremo Tribunal Federal (STF) Tribinal Siprèm Federal te anile kondanasyon yo anba otorizasyon Minis Edson Fachin, paske Tribinal Federal Curitiba a pa t gen konpetans legal pou jije dosye sa yo. STF te konfime desizyon sa a 15 avril 2021 avèk 8 vòt kont 3.
Prezidan Lula te antre nan prizon 7 avril 2018, nan kad yon dosye koripsyon ki te gen rapò ak yon apatman triplex nan Condomínio Solaris, nan Guarujá, nan eta São Paulo.
Ministè Piblik Federal la (MPF) te akize Lula kòmkwa konpayi konstriksyon OAS te ba li avantaj ilegal ki te evalye anviwon R$3,7 milyon. Yo te di avantaj sa yo te gen ladan yon apatman triplex ak travay renovasyon ladan l. Yo di OAS te fè sa ann echanj pou Lula ba yo avantaj nan kontra konpayi a te genyen ak Petrobras.
Prezidan Lula te toujou nye akizasyon sa yo. Li te deklare apatman an pa t pou li, li pa t janm vin pwopriyetè li. Men malgre tout sa, li te pase 580 jou nan prizon, nan lokal Polis Federal nan Curitiba, anvan yo te libere li nan 8 novanm 2019.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE