Depi liv la parèt, anpil moun wè ladan l yon travay ki depase kestyon literati sèlman. Se yon liv ki pale ak emosyon, ak memwa, ak verite lavi migran yo. Li rakonte doulè kite peyi w, estrès adapte w nan yon lòt kilti, batay kont prejije, men tou espwa, diyite ak kapasite moun genyen pou rebati tèt yo malgre tout difikilte lavi mete devan yo.

Nan yon epòk kote kestyon migrasyon, idantite ak diskriminasyon ap pran plis plas nan deba entènasyonal yo, yon liv ayisyen rive frape fò nan konsyans anpil lektè atravè Amerik Latin nan ak lòt kote sou latè. Papiyon Nwa, premye liv an panyòl ekriven ayisyen Robenson Glésile, pa sèlman tounen yon siksè literè nan vil Rosario ann Ajantin, men li vin tounen yon veritab referans nan kominote imigran yo, espesyalman nan mitan Ayisyen ki ap viv lòt bò dlo.


Robenson Glésile, ki fèt Pòtoprens an 1985 e k ap viv Rosario depi 2012, itilize eksperyans pèsonèl li pou konstwi yon seri refleksyon pwofon sou lavi imigran ayisyen ann Ajantin. Nan liv la, li pale de relasyon migran yo ak sosyete ajanten an, kestyon negritid, kestyon idantite, kestyon ras, kestyon adaptasyon sosyal ak kestyon memwa istorik Ayiti. Men pi gwo fòs liv la se fason li rive pale de sijè sa yo avèk anpil senplisite ak emosyon, san li pa pè montre reyalite yo jan yo ye.


Tit liv la, Papiyon Nwa, pa chwazi o aza. Nan kilti ayisyèn nan, espesyalman nan kèk zòn peyi a, prezans yon papiyon nwa nan yon kay souvan reprezante lespri yon moun ki poko janm kite moun li renmen yo nèt. Pou Robenson Glésile, metafò sa a sèvi pou pale de Ayiti menm. Menm lè yon Ayisyen kite peyi l, menm lè li viv lòt bò dlo pandan plizyè lane, Ayiti toujou rete vivan nan memwa li, nan lang li, nan emosyon li ak nan fason li wè mond lan.


Liv la rive touche anpil moun paske li pale de kestyon ki inivèsèl. Anpil imigran latinoameriken, afriken ak karayibeyen rekonèt pwòp eksperyans yo nan istwa Robenson yo. Se youn nan rezon ki fè Papiyon Nwa depase limit kominote ayisyèn nan pou li antre nan plizyè espas akademik, kiltirèl ak literè atravè Amerik Latin nan ak Ewòp. Otè a deja jwenn envitasyon pou prezante travay li nan plizyè konferans, rankont literè ak aktivite kiltirèl, kote anpil moun ap dekouvri yon lòt vizyon sou Ayiti ak sou eksperyans migrasyon an.


Nan Rosario menm, liv la vin tounen yon senbòl fyète pou anpil Ayisyen. Gen anpil jèn migran ki wè tèt yo nan paj liv la. Gen moun ki di se premye fwa yo santi yon moun rive rakonte lavi yo avèk tout konpleksite li, san stereyotip, san egzajerasyon ak san pitye fo. Paske Papiyon Nwa pa chèche fè moun kriye sèlman ; li chèche fè moun reflechi sou fason sosyete yo konstwi imaj imigran yo, espesyalman moun nwa yo.


Anpil lektè rekonèt tou liv la kòm yon zouti memwa ak rezistans. Nan yon mond kote migran yo souvan viktim prejije ak diskriminasyon, Robenson Glésile sèvi ak literati pou reprann kontwòl narasyon an. Li bay migran yo yon vwa. Li montre dèyè chak moun ki kite peyi li genyen yon istwa, yon fanmi, yon rèv, yon doulè ak yon espwa.


Pandan plizyè lane, kominote ayisyèn nan Ajantin te souvan sibi move reprezantasyon nan kèk medya ak nan kèk diskou politik. Men avèk travay tankou Papiyon Nwa, yon lòt imaj Ayiti ap konstwi. Yon imaj ki pale de kouraj, entèlijans, rezistans ak kontribisyon imigran ayisyen yo nan sosyete kote y ap viv yo.


Liv la pale tou de relasyon ant Ayiti ak Ajantin sou plan imen ak sosyal. Li montre kijan anpil Ayisyen rive kreye nouvo rasin nan Rosario pandan y ap kontinye pote Ayiti nan kè yo. Se sa ki fè anpil moun konsidere Papiyon Nwa kòm plis pase yon liv ; li vin tounen yon pon ant de mond, ant de kilti, ant de memwa.


Nan yon epòk kote kestyon migrasyon an souvan redui sèlman ak kestyon ekonomik oubyen kestyon sekirite, Robenson Glésile raple mond lan yon bagay fondamantal : dèyè chak migran genyen yon istwa imen ki merite tande ak respekte.


Avèk Papiyon Nwa, Robenson Glésile pa sèlman antre nan mond literati a ; li antre tou nan memwa kolektif anpil moun ki wè nan liv sa a yon refleksyon sou pwòp lavi yo. E se petèt sa ki pi gwo viktwa travay sa a : rive fè anpil moun santi yo egziste, konprann ak reprezante atravè literati.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar