Nan yon nòt yo voye pou Centre à la UNE 18 jen 2026, Òganizasyon Urgence Droit de l’Homme en Haïti (UDHH) fè konnen li ap swiv avèk anpil atansyon yon dosye jidisyè ki opoze 14 jèn gason nan komin Tomond ak madanm Vilcenat Leydsie, depi 29 avril 2026.
Nan yon nòt piblik ki siyen pa kowòdonatè jeneral òganizasyon an, avoka Wilson Saint-Brun, UDHH eksplike dosye a ta pran nesans apre yon moun ki pa idantifye te pibliye sou rezo sosyal TikTok imaj plizyè jèn ansanm ak madanm Vilcenat Leydsie, pandan li t ap fè kwè ta genyen relasyon seksyèl ant yo.
Selon òganizasyon an, paj ki te fè piblikasyon sa yo pa disponib ankò sou platfòm la apre youn nan moun ki konsène yo te deside pote plent kont sa li konsidere kòm yon zak sibèkriminalite.
UDHH di li pran nòt desizyon Jij Enstriksyon Leoster Louis ki mete manda arestasyon dèyè 14 jèn gason ki soti Tomond yo nan kad ankèt la. Pandan li fè konnen li respekte endepandans pouvwa jidisyè a ak prensip separasyon pouvwa yo, òganizasyon an deklare li rete vijilan sou fason pwosedi legal yo ap mennen.
Nan nòt la, UDHH fè konnen li gen konfyans kabinè enstriksyon an ap trete dosye a avèk enpasyalite, endepandans, netralite, transparans ak entegrite, jan sa prevwa nan prensip yon Leta de Dwa.
Òganizasyon an pwofite raple tout aktè ki konsène yo enpòtans pou respekte dwa moun, prezonpsyon inosans, dwa pou chak moun jwenn yon defans jis ak aksè egal devan lajistis pandan tout pwosesis la.