Nan kad efò li pou amelyore kalite sèvis sante yo atravè peyi a, Direksyon Jeneral Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) livre, jedi 30 jiyè 2026 la, yon enpòtan kagezon medikaman, materyèl ak entran medikal bay Direksyon Sanitè Sant lan. Otorite sanitè yo fè konnen materyèl sa yo pral pèmèt lopital ak sant sante yo nan depatman an ofri pi bon swen bay popilasyon an.

Pandan seremoni resepsyon an, Direktè Depatmantal Sanitè Sant lan, Doktè Wolve Ivens CHARLES, salye jès Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Sinal BERTRAND, ki, selon li, demontre angajman gouvènman an pou ranfòse sistèm sante piblik la.

Li fè konnen kagezon an gen ladan plizyè kalite medikaman, tankou amoksisilin, diklofenak, inalapril, ansanm ak lòt pwodwi esansyèl. Genyen tou kaban pou akouchman, kaban ospitalizasyon, monitè medikal, seròm, bandaj, ekipman pwoteksyon pou pèsonèl k ap bay swen yo, charyo medikal ak lòt materyèl enpòtan pou bon fonksyònman enstitisyon sante yo.

Doktè Wolve Ivens CHARLES raple aksyon sa a antre nan vizyon MSPP a ki chita sou ekite, inivèsalite ak efikasite nan aksè ak swen sante. Li anonse tout materyèl yo pral distribye nan lopital ak sant sante ki fonksyone nan depatman Sant lan, selon politik ministè a.

Pou pati pa li, Direktè Medikal Lopital Sent Terèz la, Doktè Edgar TOUSSAINT, eksprime satisfaksyon li devan resepsyon kagezon an. Li remèsye gouvènman Premye Minis Alix Didier FILS-AIMÉ a, Minis Sante Piblik la, manm kabinè ministè a ansanm ak ansyen depite Abel DECOLINES pou efò y ap fè pou amelyore sèvis sante yo nan peyi a.

Doktè TOUSSAINT estime nouvo materyèl sa yo pral pèmèt Lopital Sent Terèz amelyore kondisyon travay pèsonèl medikal la epi ogmante kalite swen pasyan yo resevwa.

Avèk nouvo livrezon sa a, MSPP kontinye mete mwayen disponib pou ranfòse kapasite estrikti sanitè yo, yon demach ki vize asire popilasyon an jwenn sèvis sante ki pi efikas ak pi aksesib nan tout depatman Sant lan.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841