Nan kad premye konferans li ak près ayisyèn nan vandredi 9 jen 2023 a nan lokal biwo Jivena petyonvil, chèf biwo entegre nasyon zini an Ayiti, Madam Maria Isabel Salvador prononsel sou diferan dyalòg yo epi pale de eleksyon ak sekirite.
Reprezantan BINUH an Madam Salvador ki t ap pale ak jounalis ayisyen yo ayè vandredi a fè konnen akò 21 desanm nan lejitim puiske genyen manb akò Montana a ki siyenl.
Pou dosye dyalòg politik ant ayisyen ki pral dewoule nan peyi Jamayik sou lidèchip CARICOM nan, Madam Salvador klè pou li di dyalòg 21 desanm nan lejitim epi Wo Konsèy Tranzisyon an fèk sot fè yon dyalòg pou mete divès aktè yo reflechi sou kriz peyi a. Chèf entegre nasyon zini an Ayiti di li ankouraje tout diskisyon andan kou deyò peyi a ki ka pote yon solisyon.
Yon lòt kote, Madam Salvador fè konnen BINUH toujou apiye pou yon fòs entèvansyon vini pou ede polis nasyonal la konbat gang yo paske pou gouvènman an envite moun yo ale nan eleksyon fòk genyen yon klima sekirite pou sa.
Wo Konsèy Tranzisyon Ayiti , HCT di yo p ap mete pye nan dyalòg CARICOM envite yo 11 rive 13 jen 2023 a. Yo profite raple 23 e 24 me ki sot pase laa se menm egzèsis saa yo te sot fè. HCT a di dyalòg ant ayisyen dwe fèt Ayiti. Nòt saa ki soti 5 jen 2023 a siyen pa Mirlande H Manigat, prezidan HCT. Poutan divès lòt aktè fè konnen y ap reponn prezan.
Ayiti, 3 prosesis dyalòg politik: HCT, CARICOM, Powell. Avèk fòs e feblès konplemantè. Se adisyon poun fè ak yo se pa soustrasyon. Se miltipliye pou n miltipliye se pa divize pou n divize yo. Plizyè aktè deja nan 2 e menm 3. Kanada apiye tou lè 3. Se sa anbasadè Kanada an Ayiti a, Sébastien Carrières te deklare mèkredi pase.
Èske dyalòg CARICOM nan se yon akò ki pral tou mouri nan pasaj fas ak deklarasyon chèf BINUH an ki di akò 21 desanm nan lejitim, anplis Kanada ki di pa dwe genyen soustraksyon nan akò yo? Èske n ap rive jwenn dyalòg ki pral fèt Jamayik la ap rive vrèman fonn ak akò 21 desanm nan?