📰 ÉDITORYAL

Depi plis pase yon lane, popilasyon Mibalè ak Sodo ap viv youn nan pi move trajedi sosyal ak ekonomik nan listwa resan Depatman Sant la. Gang ame fin kraze lavi moun, fòse fanmi kite kay yo, kraze ekonomi lokal la, simen laperèz ak dezespwa nan tout zòn nan. Men tankou sa pa t ase, jodi a menm popilasyon sa a vin oblije pote yon lòt kwa ankò  » fènwa. »

Dèyè kestyon sa a, genyen anpil manipilasyon, anpil enterè pèsonèl ak anpil ego politik ki avegle yon seri moun ki toujou pare pou itilize mas popilasyon an kòm zouti pou regle kont pa yo. Nan non mobilizasyon, nan non “lit”, anpil moun te pouse popilasyon an rive kraze poto ak liy ki alimante zòn nan, sa ki lage prèske tout depatman an nan black-out. Men kestyon an merite poze klèman : kiyès ki peye konsekans zak sa yo vrèman?

Se pa gwo politisyen yo.
Se pa moun ki te dèyè manipilasyon yo.
Se mas pèp la ankò.

Depi lè sa a, Santral idwoelektrik la prèske pa fonksyone nòmalman. Aktivite ekonomik yo ralanti, ti biznis yo soufri, elèv pa ka etidye nòmalman, lopital ak sèvis piblik yo vin pi frajil toujou. Yon depatman ki te deja blese anba ensekirite ap viv koulye a anba doub pinisyon : gang sou yon bò, fènwa sou yon lòt bò. Sa ki pi grav la, se jan anpil moun pa janm pran tan poze kestyon sou jwèt politik ki te dèyè aksyon sa yo. Paske twò souvan nan peyi sa a, emosyon pran plas refleksyon. Yo manipile fristrasyon popilasyon an, yo sèvi ak mizè moun kòm gaz pou alimante enterè ti gwoup pa yo. Lè tout bagay fini kraze, lè popilasyon an rete san sèvis, san sekirite ak san espwa, moun ki te pouse yo fè dezòd la deja pran lòt direksyon.

Se la kestyon konsyans kolektif la poze jodi a.
Èske n ap kontinye kite menm ego politik san vizyon sa yo trennen nou pi fon nan fènwa? Oswa èske n ap kòmanse konprann nou dwe aprann repare erè nou yo san nou pa kite moun k ap defann ti myèt manipile nou ankò? Paske yon pèp ki toujou kite emosyon ak manipilasyon dirije l ap toujou rete viktim pwòp destriksyon li. Pandan lòt sosyete ap konstwi enfrastrikti, devlope ekonomi yo ak prepare avni jenerasyon kap vini yo, nou menm nou kontinye ap kraze sa nou genyen deja anba enfliyans enterè politik san pwojè.

Verite a konn fè mal, men li nesesè : anpil fwa, se pa sèlman gang ki kraze peyi a. Se tou ego politik, manipilasyon ak avègman kolektif ki kontinye mete popilasyon an ajenou.
Depatman Sant la bezwen limyè.

Men li bezwen limyè nan lespri ak nan vizyon politik li tou.

✍️ Jean Launy AVRIL
Editoryalis — Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841