Nan yon pwen près li bay nan Ayewopò Toussaint Louverture nan Pòtoprens vandredi 9 jen 2023 a, premye Minis Ariel Henry ki retounen nan peyi a prezante bilan vizit li nan somè Caricom kote vis prezidan Etazini an Kamala Haris te reponn prezan.

Premye Minis Henry profite pou anonse li te ekri yon 2yèm lèt ak sekretè jeneral ONU an, Antonio Guteress pou reyitere demand yon fòs miltinasyonal pou ede Ayiti fè fas ak problèm ensekirite l ap fè fas la.

Pilwen Premye Minis la rakonte mobilizasyon fon kay bayè de fon entènasyonal yo, enèji, chanjman klimatik, trafik zam, sekirite alimantè se diferan sijè sa yo ki te abòde nan kad somè CARICOM nan ki t ap dewoule nan peyi Bayamas.

PM nan profite anonse Etazini prolonje lwa Hope/Help la jiska 2025 pou Ayiti. Yon lwa ki retire dwa ladwàn pou ekspòtasyon vètman Ayiti ki prale Etazini. Li fè konnen se yon bon nouvèl pou peyi a.

Toujou nan kad pwen de près la Pm nan di gouvènman li an ap reponn prezan nan kad dyalòg CARICOM ap òganize soti11 rive 13 jen ki ap vini la. Li fè konnen puiske li kwè anpil nan dyalòg se pliske yon nesesite pou li reponn prezan.

N ap fè remake nan kad somè sila ki sot dewoule Bayamas la, vis prezidan Etazini an, Kamala Haris anonse yon anvlòp 53.7 milyon dola vèt pou Ayiti pou lite kont trafik zam, ensekirite alimantè ak rechofman klimatik. Yon lajan ki pral nan men USAID pou jere.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....