Premye jounen foròm ant aktè Ayisyen yo nan peyi Jamayik sanble se yon kòd k ap tire nan (2) de pwent ant pouvwa a ak opozisyon an

Dimanch 11 jen 2023 a make premye jounen dyalòg sou sekirite, eleksyon ak apèzman sosyal nan peyi Jamayik Òganizasyon rejyonal Caricom ap òganize, nan lide pou reyini divès aktè Ayisyen sou baz yon akò pou dyaloge, pou retire Ayiti nan maras ekonomik, sosyal ak politik li ye la.

Premye jounen dyalòg la ki te dewoule nan lokal ministè Afè Etranjè peyi Jamayik dimanch sa a. Kote se premye minis Jamayiken an Holness Andrew k ap prezide l. Yon dyalòg ki te mete an fas ansyen premye, ansyen minis afè Etranjè Ayiti a Claude Joseph ak aktyèl premye minis Ayisyen an Ariel Henry.

Pou Claude Joseph, reyini nan peyi Jamayik nan non Ayiti pou dyaloge sou kriz aktyèl la, se dabò retrase bilan 2 lane gouvènman defakto Ariel Henry a, ki se yon echèk total nan tèt peyi a. Aprè asasina trajik prezidan repiblik la Jovenel Moïse depi ant 6 e 7 Jiyè 2021.

Ansyen premye minis la kwè, pa gen ankenn rezon valab pou diskite ak yon chèf gouvènman enkonpetan, ki pa gen kapasite pou rezoud kriz aktyèl la. Se yon nouvo gouvènman enterimè ki pou vin rezoud kriz miltidimansyonèl Ayiti a.

Gouvènman enterimè sa ki enstale depi kèk jou aprè asasina prezidan Jovenel Moïse la, depi 2 lane se rekil l ap fè pou sa k gen pou wè ak jistis prezidan an, se 2 zan agravasyon kriz ekonomik, sosyal, politik elatriye… Alòske se yon gouvènman ki siyen 2 akò ki pa bay ankenn rezilta.

Yon lòt kote, premye minis aktyèl la, Ariel Henry, deklare: « Nou pa vini isit la pou resevwa dikte pyès moun, nou pa vini negosye yon lòt akò non plis. Nou vini tande konpatriyòt nou yo sou enterè Nasyonal ak lòt etap pou rekonstrui demokrasi a. »

Selon kòrespondans envitasyon chak aktè Ayisyen yo, Caricom te presize ap genyen 2 jou dyalòg sou sekirite, eleksyon ak apèzman sosyal epi yon jou yon siyati yon akò. Èske rezime premye jounen an ta di se yon vizit touristik, tak o tak oubyen « showoff » aktè Ayisyen yo t al fè ?

Washington FLORVIL, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841