Nan yon korespondans gwoup konpwomi istorik ak alye li yo adrese ak responsab CARICOM yo 09 jen 2023 a, yo pwofite fikse pozisyon yo pandan yo fè kèk propozisyon.

Korespondans sila Mèt Valéry Dutreil Jacques ki se sekretè jeneral platfòm sitwayen angaje ak ansyen depite Abel Descolines siyen, fè konnen yo akeyi faborableman inisyativ CARICOM pran pou òganize dyalòg ant Ayisyen, yo malgre yo genyen rezèv sou metodoliji òganizasyon an aplike a.

Gwoup konsètasyon politik pou yon konpwomi istorik la kontinye pou di yo espere mediyasyon CARICOM nan pral pèmèt yo jwenn yon soti kriz konsansyèl, jis pou kreye kondisyon nesesè pou retabli sekirite, bòn gouvènans epi òganize eleksyon jeneral.

Pi lwen, yo fè konnen yo pran angajman pou mete a kote tout konpòtman patizan, nan sousi pou fasilite yon dyalòg konstrikyif ant diferan aktè Ayisyen yo.

Gwoup la rapousib pou di moman difisil peyi a ap fè fas la pa mande animozite aktè yo men pito sans patriyotik makonnen ak bonjan lanmou pou peyi a.

Men kèk propozisyon group konsètasyon pou yon konpromi istorik la fomile e soumèt CARICOM:

  1. Jwenn yon mwayen pou fè yon ajou nan dokiman konsansis nasyonal pou yon tranzisyon enklizif la pou fè eleksyon transparans nan kontinye dyalòge, aji sou koze ensekirite, krim finansye yo, trafik dròg ak zam, konbat lavi chè ak eksklizyon sosyal…
  2. Fòme yon komite garanti ak suivi (CGS) konpoze ak ekspè ayisyen ak entranje pou veye aplikasyon sa ki te di nan akò a.
  3. Chanje kabinè ministeryèl la e ranplasel ak moun ki kapab rezoud pwoblèm peyi a ap fè fas la.
  4. Monte yon konsèy elektoral provizwa pou fè eleksyon.

N ap siyale dyalòg ant ayisyen yo ki ap pran fen madi 13 jen 2023 a, deja mete bouch pa gou ak machwè gonfle kay divès aktè yo chak ki kanpe sou pozisyon yo.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841