Twazyèm jounen foròm entè- Ayisyen yo nan peyi Jamayik fini pa yon akò pou yon kolèj prezidansyèl ak yon gouvènman Inyon Nasyonal ki ap dirije pa yon premye minis.

Si dezyèm jounen dyalòg sou sekirite, eleksyon ak apèzman sosyal la te mete fas a fas ansyen premye minis Claude Joseph ak aktyèl PM Ariel Henry. Yè Lendi 12 jen an Claude Joseph deklare: li manifeste bòn volonte pou vini Jamayik patisipe nan rezolisyon kriz Ayisyèn nan sepandan mwen pa prè pou m siyen okenn akò ki vize ranfòse pouvwa Ariel Henry a ki pou ede kenbe Ariel sou pouvwa.

Yon Lòt kote, atelye gwoup A kite genyen ekip Montana a: Ted Syndic, Ginette Cherubin, ak Pierre Esperance yo menm kont yon entèvansyon fòs militè etranje pou vin rezoud kriz la. Yon desizyon kite leve plim sou do pòt pawòl SDP ak akò 21 Desanm nan. Mèt André Michel deklare se trèt nasyonal pou ki ap kite ensekirite a fini ak peyi a paske yo pa sou pouvwa, alòske, 2004 menm gwoup Montana ( Magalie Commeau Denis, Ted Syndic, Pierre Esperance, ak Ginette Cherubin) te livre peyi a bay fòs lòd etranje pandan sitiyasyon yo pat dejenere konsa.

Jodi Madi 13 Jen 2023 a, make fen foròm entè- Ayisyen yo nan Jamayik, selon kontni foròm nan twazyèm jou a se te pou siyen yon akò soti kriz. Divès pati tankou: Fanmi Lavalas, EDE, En Avant, Unir, Mopod, Phtk, Force Louverturienne, Solid, Nou Pap Dòmi, GREH, MPP pwopoze yon egzekitif bisefal. Rezolisyon sa prevwa yon kolèj prezidan ak yon premye minis inyon Nasyonal ki pap Ariel Henry.

Nap raple, Premye Minis zafè etranje Jamayik la anonse jodi a yo fèmen pòt konsila an Ayiti a suit ak atak piyaj e ensandi gang Kraze baryè k ap dirije pa Vitelhomme nan fè sou lokal sun Auto komin Taba la jounen 12 e 13 Jen 2023 a.

Jan anpil moun te prevwa saa chak group yo kanpe tèt rèd sou pozisyon yo.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841