Prezidan brezilyen an Luiz Inácio Lula da Silva ak senatè Flávio Bolsonaro, kandida pou prezidans peyi Brezil, te fè fas youn ak lòt nan yon deba televize dimanch 18 oktòb 2026 la, nan yon kontèks tansyon politik k ap ogmante pandan kanpay elektoral 2èm tou a. Koripsyon, sekirite piblik, ekonomi, sante ak relasyon entènasyonal te pami prensipal sijè ki te domine deba a ant 2 kandida yo.
Deba a ki te fèt sou televizyon Band, te montre gwo diferans ki genyen ant 2 pwojè politik yo. Lula t ap chache defann bilan gouvènman li an, Bolsonaro te prezante tèt li kòm yon altènativ pou chanjman, pandan li t ap kritike jesyon Lula.
Kesyon koripsyon an te youn nan moman ki te pote plis tansyon nan deba a. Flávio te kritike gouvènman Lula a sou dosye ki gen rapò ak Enstiti Nasyonal Sekirite Sosyal la (INSS), ansanm ak yon ankèt ki konsène Fábio Luís Lula da Silva, pitit prezidan Lula, ki ta lye ak fwod.
Lula bò kote pa li te soulve kesyon sou relasyon Bolsonaro ak kèk gwo aktè nan sektè finansye a, sitou Daniel Vorcaro, epi li te mande plis transparans sou tranzaksyon finansye ak kominikasyon ki ta ka enterese ankèt yo.
Sekirite piblik te reprezante yon lòt gwo liy separasyon ant kandida yo. Bolsonaro te defann yon apwòch ki pi sevè kont krim òganize. Pami mezi li te mete devan yo, te gen ranfòsman siveyans, itilizasyon teknoloji rekonesans vizaj ak ogmantasyon kapasite sistèm penitansye nan peyi a.
Lula bò kote pa li te mete aksan sou nesesite pou amelyore kowòdinasyon ant gouvènman federal la, eta ak minisipalite yo. Li te defann yon pi bon estrikti enstitisyonèl pou konbat krim òganize, pandan li t ap prezante koperasyon ant diferan nivo administrasyon piblik yo kòm yon eleman esansyèl nan sekirite peyi a.
Sou plan ekonomik, Lula te defann mezi sosyal gouvènman li an epi li te mete aksan sou pwoteksyon travayè yo. Kesyon orè travay 6×1 an, kote yon anplwaye travay 6 jou pou li jwenn yon jou repo, te antre nan konfwontasyon an.
Flávio Bolsonaro te defann pwopozisyon ekonomik li yo, tankou soulajman dèt sitwayen yo ak mezi pou amelyore kondisyon ekonomik peyi a. Li t ap chache montre li ka reponn ak enkyetid popilasyon an devan pri lavi a ak difikilte finansye anpil fanmi ap fè fas.
Jesyon pandemi COVID-19 la te retounen nan diskisyon an, sitou atravè kritik Lula te fè sou administrasyon Jair Bolsonaro a, papa senatè a. Lula te defann wòl sistèm sante piblik brezilyen an, SUS, epi li te raple konfli ki te genyen pandan kriz sanitè a.
Bolsonaro te defann bilan administrasyon papa li, pandan li te prezante pwopozisyon pou amelyore kalite sèvis sante yo. Echanj sa a te montre pandemi an rete yon sijè sansib nan politik brezilyen an, menm plizyè ane aprè faz ki pi grav nan kriz la.
Politik etranjè a te pèmèt de kandida yo mete diferans ideyolojik yo an evidans. Lula te defann souverènte Brezil ak kapasite peyi a pou pran desizyon estratejik san presyon peyi etranje. Li te soulve relasyon fanmi Bolsonaro a ak sèk politik ameriken.
Bolsonaro bò kote pa li te defann koperasyon entènasyonal, espesyalman nan batay kont krim òganize. Li te rejte lide ki ta fè kwè apwòch li ta mete enterè lòt peyi anvan enterè Brezil.
Nan fen rankont lan, Lula te chache mete eksperyans li nan pouvwa a ak pwogram sosyal li yo an valè, pandan Flávio Bolsonaro te konsantre sou kritik kont gouvènman an ak pwomès pou chanje direksyon peyi a.
Pou obsèvatè politik yo, enpòtans deba sa a pa sèlman chita sou pèfòmans pèsonèl kandida yo, men tou sou kapasite chak pou konvenk elektè ki poko pran desizyon yo nan yon eleksyon kote ekonomi, sekirite ak sèvis piblik yo gen gwo pwa.
Finalman, deba dimanch 18 oktòb 2026 la montre, yon lòt fwa, yon Brezil ki twouve li ant 2 vizyon politik totalman opoze ant pati goch ak dwat la. Rete pou nou suiv 25 oktòb k ap vini an, kijan 2èm tou a pral fini.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE