Lafrans ap travèse yon nouvo peryòd tansyon sosyal ak politik, kote mekontantman popilasyon an ap pran yon dimansyon ki depase revandikasyon ekonomik tradisyonèl yo. Samdi 17 oktòb 2026, plizyè vil fransè, tankou Pari, Lyon, Marseille, Toulouse, Bordeaux ak Rennes, te konnen mobilizasyon kont lavi chè, ogmantasyon pri gaz, difikilte ekonomik ak mank resous nan sèvis piblik yo. Mouvman sa a, ki te kòmanse pran fòs sou rezo sosyal yo, rive rasanble diferan kategori sosyal, soti nan elèv lise ak etidyan inivèsite, pase nan sendika travayè, rive jwenn ansyen manm mouvman Jile Jòn yo, ki te make lavi politik Lafrans depi novanm 2018. Selon chif Ministè Enteryè fransè a, anviwon 550 000 moun te patisipe nan manifestasyon yo, alòske òganizatè yo estime kantite a rive 800 000. Diferans ant de estimasyon sa yo pa retire enpòtans politik mobilizasyon an. Li montre yon mekontantman ki ap travèse plizyè jenerasyon ak diferan kategori sosyal. Pou manifestan yo, kesyon fondamantal la se pa sèlman kantite lajan yon fanmi touche, men kapasite li genyen pou viv avèk diyite nan yon peyi kote pri lojman, enèji, transpò ak pwodwi premye nesesite yo ap peze sou bidjè anpil kay.

Youn nan eleman ki bay mobilizasyon 17 oktòb la yon siyifikasyon politik patikilye se patisipasyon jenès la. Depi fen mwa septanm 2026, elèv lise ak etidyan yo te deja angaje nan plizyè aksyon pwotestasyon pou denonse kondisyon ansèyman yo, mank pwofesè, ensifizans mwayen materyèl ak difikilte sistèm edikatif la. Revandikasyon sa yo vin rankontre sa travayè yo, sendika yo ak Jile Jòn yo ap pote depi plizyè ane sou kesyon pouvwa acha, jistis fiskal ak redistribisyon richès. Nan sans sa a, manifestasyon 17 oktòb la kapab reprezante yon etap nan konstriksyon yon konvèjans lit sosyal, kote jenerasyon ki ap prepare avni li rankontre jenerasyon ki deja ap sibi konsekans politik ekonomik yo. Sou rezo sosyal yo, ekspresyon « Gilets Jeunes » parèt pou senbolize rapwòchman ant Jile Jòn yo ak jèn manifestan yo. Sepandan, mobilizasyon an pa t genyen yon sèl direksyon politik ni yon pwogram revendikatif inik. Plizyè òganizasyon, tankou CGT, Solidaires ak Confédération paysanne, te patisipe oswa soutni aksyon yo, pandan yo t ap mande plis jistis sosyal ak plis envestisman nan sèvis piblik. Sitiyasyon sa a soulve yon kesyon sou kapasite pouvwa politik fransè a pou reponn ak aspirasyon yon sosyete kote diferan gwoup santi enterè yo pa jwenn ase konsiderasyon nan desizyon leta yo.

Sou plan politik, mobilizasyon 17 oktòb la mete gouvènman fransè a devan yon defi ki konsène lejitimite politik, dyalòg sosyal ak kapasite enstitisyon yo pou jere konfli demokratik yo. Politik bidjètè yo, distribisyon chay fiskal la ak priyorite ekonomik pouvwa piblik yo vin tounen sijè gwo deba nan mitan manifestan yo. Pandan jounen an, plizyè manifestasyon te dewoule nan kalm, men vyolans, piyaj ak dega materyèl te fèt tou nan kèk vil, sitou Pari, Lyon ak Marseille. Ensidan sa yo pwovoke yon lòt konfli politik sou fason fòs lòd yo entèvni ak sou limit aksyon pwotestasyon yo nan yon demokrasi. Premye minis Sébastien Lecornu kondane vyolans yo, pandan kèk responsab opozisyon an kritike estrateji lapolis la. Men, pi lwen pase konfwontasyon sa yo, gwo kesyon an rete kapasite gouvènman an pou l bay repons konkrè ak revandikasyon sosyal yo. Istwa mouvman Jile Jòn 2018 la deja montre kijan yon kontestasyon ki kòmanse sou pri gaz kapab evolye pou vin yon kriz politik ki poze kesyon sou reprezantasyon demokratik ak rapò ant sitwayen ak leta. Mobilizasyon 17 oktòb 2026 la poko pèmèt nou afime Lafrans antre nan yon nouvo kriz menm dimansyon an. Sepandan, li montre aklè ke mekontantman sosyal la toujou prezan. Lè jèn yo, travayè yo ak lòt kategori popilasyon an kòmanse pote revandikasyon yo ansanm, pouvwa politik la oblije konsidere plis pase kantite manifestan ki nan lari a. Li dwe egzamine rezon ki fè sitwayen sa yo santi nesesite pou yo mobilize. Paske estabilite demokratik pa depann sèlman de kapasite yon leta pou kenbe lòd piblik, li depann tou de kapasite li pou tande, negosye epi reponn ak bezwen popilasyon an.

© LE JOURNAL CENTRE À LA UNE | 18 Oktòb 2026

Jean Launy AVRIL, Editoryalis

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841